1Men yon mesay pou lavil Tir:
— Nou Nou menm moun li yo ki nan peyi Tasis, pito nou travay tè nou tankou moun bò larivyè Nil yo. Pa gen moun pou pwoteje nou ankò.
11Senyè a te lonje men l anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Fenisi yo te gen nan peyi Kanaran.
12Li di:
— Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo fè kadejak sou li. Nou mèt leve travèse lòtbò lanmè. Te mèt n'al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou repo.
13 Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.
14Nou Eza 23.1 menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an!
15Yon Jer 25.11 lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a:
16Pran gita ou! Mache nan tout lavil la!
Ou menm, jennès yo te bliye a!
Jwe bèl mizik, chante bèl chante ou yo ankò
pou yo ka chonje ou!
17Wi, Rev 17.1,2 apre swasanndizan, Senyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè.
18Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Senyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l sere. Se moun k'ap sèvi Senyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.