Matye 7 - 1998 Haitian Creole

Piga yonn jije lòt(Lik 6.37-38,41-42)

1— Pa jije moun pou Bondye pa jije Wòm 2.1; 1 Kor 4.5 nou,

2paske Mak 4.24 Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

3Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la?

4Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m wete ti pay ki nan je ou la?

5Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.

6— Piga Mat 10.11-14 nou bay chen bagay ki apa pou Bondye. Ni tou piga nou voye bijou nou devan kochon. Si nou fè sa, kochon an mache sou yo, lèfini l'a vire sou nou pou devore nou.

Mande, chache, frape(Lik 11.9-13)

7— Mande, Mak 11.24; Lik 11.9-13; Jer 29.13,14; Jan 14.13; 16.23 y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

8Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.

9Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l yon pen?

10Eske l'a ba li yon sèpan, si li mande li yon pwason?

11Si Jak 1.17 nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.

12— Tou Mat 22.39,40; Wòm 13.8-10 sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Pòt jis la

13— Antre Lik 13.24; Jan 10.7,9 nan ti pòt ki jis la. Paske pòt laj la, se chemen ki pi fasil la. L'ap mennen ou tou dwat nan pèdisyon. Anpil anpil moun pran wout sa a.

14Men, Mat 19.24; Tra 14.22 pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

Pyebwa k'ap donnen an(Lik 6.43-44)

15— Pran Mat 24.4,5,24; Tra 20.29 prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.

16N'a Gal 5.19-23; Jak 3.12 rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt.

17Yon Mat 12.33 bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn.

18Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn.

19Nenpòt Mat 3.10; Jan 15.2,6 pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.

20Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.

Bon patizan Jezi yo(Lik 6.46; 13.25-27)

21— Se Mat 21.29; Wòm 2.13; Jak 1.22,25; 2.14; 1 Kor 12.3 pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre.

22Lè Jer 14.14; 27.15; Lik 13.25-27; 1 Kor 13.1,2 jou sa a va rive, anpil moun va di m: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.

23Lè Mat 13.41; 24.41; 2 Tim 2.19; Sòm 6.8 sa a, m'a di yo: Mwen pat janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.

Istwa de moun k'ap bati kay yo(Lik 6.47-49)

24— Konsa, Mat 7.21 moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.

25Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.

26Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab.

27Lapli Eze 13.10,11 tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale.

Jezi gen otorite(Mak 1.22)

28— Lè Mat 11.1; 13.53; 19.1; 26.1; Mak 1.22; Lik 4.32 Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo.

29Se Jan 7.46 pat menm jan ak dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help