Abakik 1 - 1998 Haitian Creole

1Men mesay Bondye te bay pwofèt Abakik Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y'al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè.

Abakik plenyen bay Senyè a ankò

12Senyè! Senyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou?

13Ou Sòm 5.5; 35.22; Jer 12.1 twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di angen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo?

14Kouman ou fè aji ak moun tankou yo aji ak pwason nan lanmè, tankou bèt san mèt nan bwa ki mache sou vant?

15Moun Jer 16.16 Babilòn peche moun kou pwason yo pran nan zen. Yo rale yo nan senn, yo ranmase yo nan nas. Lèfini yo kontan, y'ap fè fèt.

16Se sa k fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje.

17Eske y'ap toujou sèvi ak epe yo san rete pou touye moun lòt nasyon yo san pitye?

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help