Chirasid 46 - 1998 Haitian Creole

Jozye

1Jozye, pitit gason Noum lan, te yon vanyan sòlda.

Se li menm ki moute nan plas Moyiz nan travay pwofèt la.

Li te pote non l vre: Granmèt la pote delivrans!

paske li moutre jan li ka gen pouvwa pou delivre pèp Bondye te chwazi a,

pou pini lènmi ki te kanpe devan l yo,

epi pou fè pèp Izrayèl la pran peyi a pou yo.

2Lè li leve bra l anlè,

lè li lonje nepe l pou bay siyal atake lavil yo, se te yon gason total kapital.

3Pa gen moun ki te ka kenbe tèt avè l.

Se yon lagè li t'ap fè pou Granmèt la.

4Se li menm ki te rete solèy la nan kous li,

kifè jou sa a te gen longè de jou kole ansanm.

5Li lapriyè nan pye Bondye ki anwo nan syèl la

lè lènmi l yo t'ap kwense l kote l vire.

Granmèt ki gen pouvwa a reponn lapriyè li a,

li voye gwo grenn lagrèl ak fòs sou lènmi l yo.

6Jozye fonse sou lènmi l yo,

li touye moun ki t'ap atake l yo nan ladesant lan.

Konsa, li fè pèp lòt nasyon yo konnen fòs zam li yo.

Li fè yo rekonèt se Granmèt la menm ki t'ap goumen ak yo,

paske li menm li te kenbe pye Granmèt la fèm.

Kalèb

7Sou tan Moyiz, Jozye te fè wè jan li gen krentif pou Granmèt la,

li menm ansanm ak Kalèb, pitit Jefoune a,

lè yo te kenbe tèt ak tout pèp la.

Yo fè yo sispann vye bougonnen yo t'ap fè a.

Se konsa, yo egzante pèp la tonbe nan peche.

8Se yo de ase Bondye te delivre

nan mitan simil (6.000) sòlda apye yo.

Li kite yo antre nan peyi li t'ap ba yo pou rele yo pa yo a,

peyi kote lèt ak siwomyèl koule tankou dlo a.

9Granmèt la bay Kalèb yon gwo fòs kouray

ki rete sou li jouk li fin vye granmoun.

Li fè l moute anwo mòn byen wo ki nan peyi a.

Se mòn sa yo ki rete pou rès fanmi l pou pòsyon eritay pa yo.

10Se konsa tout pèp Izrayèl la wè

jan sa bon pou swiv Granmèt la.

Chèf yo

11Se pou nou chonje chèf yo tou pou nou fè lwanj pou yo,

yo chak dapre sa yo te fè.

Se moun ki pa te vire do bay Granmèt la,

moun ki pat janm lage kò yo nan sèvis zidòl.

12Se pou zosman yo boujonnen nan tonm yo,

pou non grannèg sa yo kanpe ankò nan pitit yo.

Samyèl

13Granmèt la te renmen Samyèl ki t'ap sèvi l.

Samyèl te pwofèt Granmèt la, se li menm ki te tabli gouvènman wa yo.

Se li menm ki te vide lwil sou tèt de moun Bondye te tabli chèf sou pèp li a.

14Li dirije pèp la dapre lalwa Granmèt la,

kifè Granmèt la te pwoteje moun Jakòb yo.

15Li te kenbe pye Bondye fèm, konsa tout moun te rekonèt se pwofèt li te ye.

Ak pawòl nan bouch li, li te moutre jan li te gen bon vizyon sa ki te gen pou rive.

16Li rele nan pye Granmèt ki gen tout pouvwa a

lè lènmi l yo t'ap kwense l kote l vire,

li ofri yon ti mouton dèyè manman bay Bondye.

17Bondye rete nan syèl la, li fè loray gwonde,

li fè yo tande vwa l ak yon pakèt gwo bri.

18Li disparèt tout chèf lènmi yo,

tout wa moun Filisti yo.

19Anvan lè a te rive pou l te al poze kadav kò l pou tout tan an,

li deklare devan Granmèt la ak devan wa Granmèt la te chwazi a

li pa janm pran anyen nan byen pèsonn, pa menm yon pè sapat.

Lè sa a, pèsonn pa di l se pa vre.

20Menm apre li fin mouri li t'ap bay mesay toujou.

Li fè wa a konnen jan wa a ta pral mouri.

Antan li nan tonm anba tè, li pale, li bay mesay Bondye yo,

pou efase mechanste pèp la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help