1Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l: Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.
22Mesaje a ale, li rakonte David tou sa Joab te ba li lòd rakonte l la.
23Li di l:
— Lènmi nou yo te pi fò pase nou. Yo fè yon sòti nan lavil la, yo vin goumen avè nou nan plenn lan. Men nou fè yo kase tèt tounen, nou kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil la.
24Se lè sa a, yo rete sou tèt miray yo, yo voye flèch sou nou. Gen kèk ofisye lame wa a ki mouri. Ouri, moun peyi Et la, ofisye wa a, mouri tou.
25David 2 Sam 2.26; Jer 46.10 di mesaje a:
— Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l.
26Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l te mouri, li pran lapenn pou li.
27Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l, li pran l lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pat fè Senyè a plezi menm.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.