2 Makabe 10 - 1998 Haitian Creole

Yo mete tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò(1 Makabe 4.36-61)

1Granmèt la dirije Jida Makabe ak moun pa l yo. Yo pran tanp lan ak lavil Jerizalèm nan men lènmi yo.

2Yo kraze lotèl moun lòt nasyon yo te mete sou plas piblik la, yo demoli lòt ti tanp moun yo te bati yo tou.

3Lè yo fin mete tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, yo bati yon lòt lotèl. Apre sa, yo frape wòch dife pou limen dife nèf, yo fè ofrann bèt pou yo touye, bagay yo pa te fè depi lontan. Yo boule lansan, yo limen lanp yo, yo ofri pen mete devan Bondye.

4Apre yo fin fè tou sa, yo bese tèt yo jouk atè, yo lapriyè Granmèt la pou mande li pou li pa janm kite malè konsa tonbe sou yo ankò. Men, si yo ta rive fè peche ankò, se pou li gen pitye pou yo lè l'ap pini yo, san li pa bezwen lage yo nan men bann moun lòt nasyon yo ki sovay, ki pa gen respè pou Bondye.

5Yo mete tanp lan nan kondisyon pou li fè sèvis Bondye ankò jou ki te make vennsenk nan mwa Kislèv, ki vle di menm jou dat pou dat moun lòt nasyon yo te derespekte tanp lan.

6Yo pase wit jou ap fete fèt la ak gwo kè kontan, jan yo konn fè l pou Fèt Tonnèl yo, paske pèp la chonje jan pa gen lontan yo te blije pase Fèt Tonnèl yo ap viv tankou bèt nan bwa nan mòn ak nan gwo twou wòch.

7Se poutèt sa yo pote fèy palmis, jenn branch bwa ak baton dekore ak fèy lyann, yo voye chante moute pou Bondye ki te fè tout bagay mache byen jouk yo te rive fini ak seremoni pou mete tanp ki apa pou li a nan kondisyon ankò pou fè sèvis pou li.

8Apre sa, tout asanble a tonbe dakò pou yo pase yon lwa k'ap mande pou tout pèp jwif la fete fèt sa a chak lanne.

Lagè pete ant Jida Makabe ak Antyokis Epatò

9Nou te fin rakonte sikonstans lanmò Antyokis yo te bay yon tinon Epifanès lan.

10Kounyeya nou pral rakonte sa ki te rive sou reny Antyokis Epatò, pitit gason Antyokis Epifanès, nonm ki pa te respekte Bondye a. An de twa mo nou pral pale sou gwo malè li te lakòz ak lagè li te fè yo.

11Lè Epatò moute wa, li chwazi yon nonm yo rele Liziyas pou reskonsab gouvènman an anba zòd li. Liziyas sa a te gouvènè ak chèf lame peyi Selesiri ak peyi Fenisi nan plas Toleme.

12Toleme sa a te gen yon tinon Tèt Lobiz. Se li menm premye chèf ki te boule dwat ak jwif yo epi ki te fè sa l kapab pou li gouvènen yo san chache yo kont, pou l te ka repare move tretman yo te sibi anvan sa.

13Se pou sa zanmi wa yo al pote plent pou li bò kote Epatò. Se tout tan yo t'ap joure l trèt paske Filometò te fè l konfyans, li te mete l gouvènen lil Chip. Men, Toleme kite pòs li, li vire vin jwenn Antyokis Epifanès. Lè li wè yo pa te respekte pozisyon chèf li, li dekouraje, li bwè pwazon.

Jida fè lagè ak moun peyi Idime yo(1 Makabe 5.1-8)

14Lè yo nonmen Jòjyas chèf militè zòn lan, li ranmase anpil moun li peye pou sèvi nan lame li a, epi chak fwa li jwenn okazyon, li atake jwif yo.

15Menm lè sa a, moun peyi Idime yo te pran anpil fò ki te nan bon pozisyon defans. Se tout tan yo t'ap chache jwif yo kont, yo te resevwa tout move jwif ki t'ap kouri kite lavil Jerizalèm yo. Avèk yo se te yon lagè san rete nan tout peyi a.

16Se konsa Jida Makabe ak moun pa l yo fè gwo reyinyon an piblik pou yo lapriyè, yo mande Bondye pou li mache ansanm ak yo nan batay la, epi yo sòti, y'al atake fò moun Idime yo.

17Yo atake yo avèk fòs, yo pran fò yo pou yo. Yo kilbite tout sòlda ki te sou miray ranpa yo, yo touye dènye moun yo jwenn. Sa te fè yon total venmil (20.000) moun konsa.

18Gen yon lòt nèfmil (9.000) sòlda Idime pou pi piti ki te al chache pwoteksyon nan de gwo fò won. Yo te gen anpil zam ak tout kalite pwovizyon pou yo te kenbe lontan si moun ta sènen yo.

19Jida Makabe kite Simon, Jozèf ak Zache ansanm ak kont sòlda pou fèmen mesye yo nan fò won yo. Li menm li pati, l'al kote yo te pi bezwen l.

20Men, sòlda Simon yo te akrèk pou lajan. Se konsa nan lènmi ki t'ap veye fò yo gen ladan yo ki ofri mesye Simon yo lajan, epi pou sankarant (140) liv ajan yo ba yo, yo kite detwa ladan yo chape kò yo ale.

21Lè y'al rakonte Jida Makabe sa ki te pase, li reyini tout chèf lame yo, li denonse sòlda ki te pran lajan pou kite lènmi yo chape a, li di yo se tankou si se vann yo te vann frè yo lè yo fè sa.

22Li fè touye yo pou trèt, epi lamenm li atake, li pran de fò yo.

23Li te toujou genyen nan tout batay li te fè. Nan de fò yo li touye venmil (20.000) sòlda pou pi piti.

Jida bat Timote

24Apre jwif yo te fin bat Timote jan nou te wè l la, Timote reyini yon bann moun lòt nasyon li te peye pou sèvi nan gwo lame li a, ansanm ak anpil kavalye ak chwal ki sòti nan peyi Lazi yo. Epi li mache sou peyi Jide avèk lide pou li pran l ak fòs lame li a.

25Antan Timote t'ap pwoche konsa, Jida Makabe ak mesye l yo pran lapriyè nan pye Bondye. Yo mete pousyè tè sou tèt yo, yo mare sak kòlèt nan ren yo,

26yo bese tèt yo jouk atè devan macheskalye lotèl la, yo mande Bondye tanpri pou li ba yo favè l, pou li konsidere moun ki lènmi yo tankou lènmi pa l, moun k'ap fè yo lagè yo tankou moun k'ap fè l lagè tou, jan yo di sa klè nan Liv Lalwa a.

27Lè yo fin lapriyè, yo pran zam yo, yo sòti kite lavil Jerizalèm yon bèl bout dèyè yo. Lè yo rive toupre lènmi yo, yo rete.

28Nan maten lè bajou ap kase, de lame yo mare batay. Jwif yo te sèten se yo ki t'ap genyen batay la paske, non sèlman yo te vanyan sòlda, men yo te gen lasistans Granmèt la avèk yo. Men, lòt yo menm se nan gwo kouray yo ase yo te mete tout konfyans yo.

29Lè batay la te pi cho a, lènmi yo wè parèt nan syèl la senk bèl moun sou senk chwal ak brid an lò, ki pran pozisyon devan jwif yo.

30Yo mete Jida Makabe nan mitan yo, yo kouvri l pou yo ka pwoteje l ak rad lagè ki te sou yo. Lèfini yo t'ap voye flèch ak zèklè sou lènmi yo. Lènmi yo pèdi tèt yo, yo pa te ka wè nan je yo, yon sèl dezòd pete nan mitan yo, yo gaye chak moun bò pa yo.

31Lè sa a, jwif yo touye venmilsenksan (20.500) sòlda apye ak sisan (600) kavalye.

32Timote menm kouri al nan yon fò yo rele Gezè kote Chereyas te chèf ak yon gwo lame anba lòd li.

33Se sa menm Jida Makabe ak moun pa l yo t'ap chache. Pandan kat jou yo sènen fò a ak kè kontan.

34Men moun ki te anndan fò a te sitèlman gen konfyans nan pozisyon yo a, yo t'ap di tout kalite jouman ak gwo mo sou Bondye ak sou jwif yo.

35Sou senkyèm jou a, nan granmaten, pawòl jouman yo te twòp pou ven jenn sòlda nan lame Jida Makabe a, yo fè yon sèl kòlè, yo mache sou miray ranpa a, yo grenpe sou yo ak yon fòs kouray epi ak yon raj san parèy, yo desann dènye moun yo jwenn sou wout yo.

36Menm lè a, yon lòt gwoup sòlda jwif grenpe sou miray yo pa dèyè fò a, yo mete dife nan fò won yo, epi yo limen gwo boukan dife kote yo jete tout moun ki t'ap pale Bondye yo mal la, yo boule yo tou vivan. Yon twazyèm gwoup sòlda jwif defonse pòtay lavil yo, epi yo fè rès lame a antre, yo pran tout lavil la pou yo.

37Timote al kache nan yon sitèn, men yo touye l ansanm ak Chereyas, frè li a, ak Apolofanès.

38Lè jwif yo fin fè tou sa, yo pran chante pou fè lwanj Granmèt la, pou di l mèsi pou gwo lapli benediksyon sa a ki te vide sou pèp Izrayèl la, ak pou genyen li te fè yo genyen batay la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help