Jenèz 49 - 1998 Haitian Creole

Avètisman Jakòb bay pitit li

1Jakòb fè rele pitit gason l yo, li di yo:

— Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.

2Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo!

Vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.

3Ou Jen 29.32; Det 21.17; 33.6 menm, Riben, premye pitit gason mwen,

ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè.

Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs,

se ou ki pi grannèg.

4Ou Jen 35.22; Det 27.20; 1 Kwo 5.1 tankou yon larivyè k'ap desann.

Men, se pa ou k'ap alatèt,

paske ou kouche ak yon madanm papa ou.

Ou moute sou kabann mwen,

ou fè sa ou pat dwe fè.

5Simeyon Jen 29.33,34; 34.25,26; Det 33.8-11 ak Levi,

se pwason kraze nan bouyon.

Yo sèvi ak zam yo pou yo fè mechanste.

6Mwen Sòm 26.9 p'ap patisipe nan konplo yo,

Mwen p'ap la avèk yo nan reyinyon yo.

Paske lè yo ankòlè, yo touye moun.

Yo koupe dèyè jarèt towo bèf pou donmaje yo.

7Madichon Joz 19.1,9; 21.1-3; 1 Kwo 4.31,38-43 pou yo lè yo ankòlè, paske yon vin sanmanman!

M'ap fè yo rete toupatou nan peyi Jakòb la,

m'ap gaye yo nan tout peyi Izrayèl sa a.

8Ou Jen 29.35; Det 33.7; 1 Kwo 5.2 menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou.

W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou.

Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.

9Jida, Nonb 24.9; Rev 5.5 se yon jenn ti lyon.

Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou.

Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon.

Ki moun ki ka deranje ou?

10Yo Nonb 24.17; Sòm 60.7; 108.8 p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida.

Non. Baton kòmandman an p'ap sòti nan mitan janm li,

jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.

11L'ap mare ti bourik li a nan yon pye rezen,

l'ap mare pitit manman bourik li a nan pi bon pye rezen an.

L'ap lave rad li nan diven,

l'ap lave varèz li nan diven wouj kou san.

12Je li wouj anba gwòg,

dan li blan kou lèt.

13Zabilon Jen 30.20; Det 33.18,19 pral rete bò lanmè.

Batiman yo va jwenn bon pò sou rivay li yo.

Limit peyi l la ap rive jouk Sidon.

14Izaka Jen 30.18; Det 33.18,19 se yon bourik vanyan,

li kouche nan yon sèka solid.

15Li wè jan kote li poze kò l la nan gou li,

li wè jan peyi a bèl.

Li pare do l pou l pote chay li.

Li tounen esklav pou l travay di.

16Dann Jen 30.6; Det 33.22 ap yon chèf pou pèp li,

tankou yon branch nan fanmi Izrayèl.

17Dan Jij 18.27 ap tankou yon sèpan bò granchimen,

yon sèpan mechan sou bò wout la.

L'ap mòde chwal yo nan jarèt

pou fese kavalye yo tèt anba.

18O Sòm 25.5; 62.5; Eza 25.9; Mi 7.7 Senyè, m'ap tann ou vin sove mwen!

19Ou Jen 30.10,11; Det 33.20 menm, Gad, yon bann vòlò ap vin tonbe sou ou.

Men, w'ap kouri dèyè yo, se ou k'ap mete men sou yo.

20Peyi Jen 30.12,13; Det 33.24,25 Asè a ap bay bon manje k'ap bay fòs.

L'ap donnen manje ki gou nan bouch wa yo.

21Neftali, Jen 30.7,8; Det 33.23 se yon fenmèl kabrit ki lage.

L'ap fè bèl ti pitit.

22Jozèf Jen 30.23,24; 41.52 se yon jenn towo,

yon jenn towo bò yon sous dlo,

li janbe miray pou al manje zèb.

23Y'ap Jen 37.24; 39.20 chache l kont, y'ap voye wòch sou li.

Moun k'ap voye flèch yo tounen yon pèsekisyon pou li.

24Men, Jòb 29.20; Sòm 80.1; 132.2,5; Eza 1.24; 28.16 banza pa li a rete fèm,

ponyèt li pa fèbli,

gremesi pouvwa Bondye Jakòb la,

Bondye ki gadò pèp Izrayèl la.

Se li ki tout pwoteksyon yo.

25Sa Jen 35.3,11; Det 33.13 sòti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou,

nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou

avèk benediksyon lapli ki sòti anwo nan syèl la,

avèk benediksyon sous dlo k'ap sòti anba tè a,

avèk benediksyon ki sòti nan tete ak nan vant manman.

26Benediksyon Det 33.15,16 papa ou yo pi plis

pase benediksyon mòn ki la pou tout tan yo.

Se pou benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf,

sou tèt moun Bondye te chwazi nan mitan tout frè l yo.

27Benjamen, Jen 35.18; Det 33.12; Jij 20.21,25 se yon bèt devoran.

Nan maten, li devore sa li trape.

Li separe sa li pran nan aswè.

28Men douz branch fanmi Izrayèl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo.

Lanmò Jakòb

29Apre Jen 23.9; 25.8; 47.30 sa, Jakòb ba yo lòd sa a:

— Mwen menm, mwen pral jwenn zansèt mwen yo. Antere m' kote yo antere yo nan kavo ki nan jaden Efwon, moun Et la,

30nan Jen 23.16-18 twou wòch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wòch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l simityè.

31Se Jen 23.19; 25.9; 35.29 la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tou mwen te antere Leya.

32Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wòch ki sou li a.

33Lè Tra 7.15 Jakòb fin pale konsa ak pitit gason l yo, li lonje kò l sou kabann lan, li mouri, l'al jwenn fanmi li yo ki te mouri deja.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help