Filipyen 2 - 1998 Haitian Creole

Pran egzanp Kris ki rabese tèt li

1Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,

2enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.

3Pa ak tout fòs.

7Okontrè, Eza 53.3; 2 Kor 8.9; Eb 2.14,17 se li menm menm, poutèt pa li, ki te chwazi mete sa sou kote.

Li te pito desann li fè tèt li tounen sèvitè. Li vin menm ak tout moun.

8Li Eb 12.2; 5.8; Jan 10.17 rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye.

Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.

9Se Tra 2.33; Ef 1.21; Eb 1.3,4 poutèt sa, Bondye leve l mete chita kote ki pi wo a.

Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.

10Konsa, Eza 45.23; Jan 5.23; Rev 5.13 tou sa ki nan syèl la,

tou sa ki sou tè a ak anba tè a,

yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a.

11Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a.

Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.

Se pou klere kou limyè sou latè

12Se 1 Pyè 1.17; Sòm 2.11 konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.

13Paske, Jan 15.5; 2 Kor 3.5; 1 Tes 2.13 se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.

14Nan 1 Pyè 4.9 tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,

15pou Mat 5.14; 10.16; Fil 1.10; Ef 5.8; Det 32.5; Tra 2.40 yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

16lè 1 Tes 2.19; Gal 2.2; Eza 49.4; 65.23 n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal.

17Menm Wòm 15.16; 2 Tim 4.6 si mwen ta dwe ofri lavi m', menm si san m' ta dwe koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil epi m'ap fè kè nou tout kontan ak mwen.

18Konsa, Fil 3.1; 4.4 nou menm tou, se pou nou kontan. Se pou nou fè kè m' kontan ak nou tou.

Timote ak Epafwodit

19Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen.

20Timote 1 Kor 16.10 se sèl moun ki gen menm lide avè m, ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt.

21Tout 2 Tim 4.10,16; Gal 4.17 lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.

22Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bòn nouvèl la.

23Mwen fè lide voye l kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen.

24Men, Fil 1.25 mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan.

25Konsa Fil 4.18 tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m, ki te la avè m nan tout batay. Se nou menm ki te voye l vin ban m konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m voye l tounen ban nou.

26Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l te malad.

27Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pat ban mwen plis lapenn ankò.

28Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l ankò, epi pou m ka gen mwens lapenn.

29Konsa, 1 Kor 16.16; 1 Tim 5.17 resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit,

30paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help