1Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Tout moun koupab
18Se Jan 16.9; 2 Tes 2.12 poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.
19Bondye Tra 14.15-17; 17.24-28 ap pini yo tou, paske tou sa yo fèt pou konnen sou Bondye, li parèt aklè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa vin konsa pou yo.
20Se Sòm 19.1; Eb 11.3; Jòb 12.7-9 vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sa k fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
21Yo Ef 4.18; Rev 14.7 te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.
22Y'ap Jer 10.14; 1 Kor 1.20 mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
23Pase Sòm 106.20; Det 4.15-19 pou yo adore Bondye ki san fen an, pase yo admire tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre lòm mòtèl, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pat ak bèt k'ap mache sou vant.
24Lèzòm Tra 14.16 vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.
25Yo Wòm 9.5 mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n fè lwanj li tout tan. Amèn.
26Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe. Yo pito fè sa ki pa bon.
27Se Lev 18.22; 20.13; 1 Kor 6.9 konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo pinisyon yo merite a.
28Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pat dwe fè.
29Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè kokenn. Yo tripòt konsa.
30Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.
31Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.
32Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.