1Lè moun ki te anba tant yo nan kan an tande sa, yo te sezi pou sa ki te rive a.
2Yon sèl latranblad ak lapèrèz tonbe sou yo. Yon sèl ladebandad pete nan mitan lame a. Sòlda yo pran kouri, chak moun bò pa yo, sou tout wout yo nan plenn lan ak sou mòn yo.
3Sa ki te nan pòs nan mòn sou rebò lavil Betoulya yo pran kouri met deyò tou. Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo, tout gason nan mitan yo ki te ka goumen, vare sou lame moun Lasiri yo.
4Ozyas voye moun lavil Betomestayim, lavil Sebayi, lavil Koba, ak nan tout peyi Izrayèl la al fè konnen sa ki rive, lèfini pou mande yo pou yo vare sou lènmi yo pou fini nèt ak yo.
5Lè moun pèp Izrayèl yo tande nouvèl la, yo tout ansanm yo tonbe sou moun lavil Lasiri yo, yo bat yo jouk lavil Koba. Moun ki rete Jerizalèm yo vini tou ansanm ak moun ki rete nan tout mòn yo, paske yo menm tou yo te pran nouvèl sa ki te rive nan kan lènmi yo a. Moun peyi Galarad yo ak moun peyi Galile yo bare lame moun Lasiri yo sou tout wout yo jouk nan zòn lavil Damas. Se pa de moun yo pa touye.
6Rès moun lavil Betoulya yo menm desann nan kan moun Lasiri yo, yo piye l, yo pran anpil bagay ki te fè yo vin rich.
7Lè moun peyi Izrayèl yo tounen apre yo fin masakre moun Lasiri yo, yo pran rès ki te rete a. Tout moun ki te rete nan ti bouk ak nan bitasyon nan mòn yo ak nan plenn lan vini pran kont pa yo tou nan piyay la, paske te gen anpil anpil bagay nan kan an.
8Jojakim, granprèt la, ak konsèy chèf fanmi pèp Izrayèl yo ki te rete lavil Jerizalèm, desann vin wè ak je yo tout bèl bagay Granmèt la te fè pou pèp Izrayèl la, anmenmtan yo t'ap pwofite pou yo fè konesans ak Jidit, lèfini pou yo fè l konpliman.
9Lè mesye yo antre lakay Jidit, yo tout ansanm yo fè lwanj pou li, yo di l konsa:
— Ou bay lavil Jerizalèm okazyon pou moun fè lwanj pou li. Ou bay pèp Izrayèl la yon rezon pou l kenbe tèt li leve byen dwat. Poutèt sa, moun ras nou yo pral kontan tèt yo.
10Se ou menm ki fè tou sa ak men ou. Se yon bèl bagay ou fè la a pou pèp Izrayèl la. Bondye te kontan avè ou. Se pou Granmèt ki gen tout pouvwa pou tout tan an beni ou byen beni.
Epi tout pèp la reponn:
— Wi, se sa menm!
11Pèp la pase trant jou ap piye kan moun Lasiri yo. Yo pran tant Olofèn lan ansanm ak tou sa ki te ladan l: ajantri yo, vesèl yo, kabann li yo ak tout dra li yo, ak tout lòt bagay Olofèn yo, yo fè Jidit kado. Jidit pran yo, li chaje mezi li kapab sou milèt li, apre sa li mennen kabwèt li a, li mete rès yo sou li pote ale.
12Tout medanm pèp Izrayèl yo sòti toupatou kouri vin wè l. Yo mande benediksyon Bondye pou li. Gen nan medanm yo ki t'ap chante, ki t'ap danse pou li. Li menm menm Jidit, li pran branch bwa nan men li, li bay tout medanm ki te avè l yo branch bwa tou.
13Yo pran branch oliv, yo fè kouwòn mete sou tèt yo. Jidit menm t'ap mache devan foul moun yo, li t'ap dirije medanm yo ki t'ap chante, ki t'ap danse. Tout mesye yo t'ap swiv ak kouwòn flè sou tèt yo, zam yo nan men yo, yo t'ap chante fè lwanj Bondye.
14Lè sa a, Jidit chante chante sa a pou di Bondye mèsi nan mitan tout pèp la. Tout pèp la pran chante chante a ansanm avè l.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.