Ezayi 35 - 1998 Haitian Creole

Delivrans pou Jerizalèm

1Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan.

Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.

2Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt.

Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban.

Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon.

Tout moun va wè gwo pouvwa Senyè a.

Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.

3Ankouraje Jòb 4.3,4; Eb 12.12 moun ki febli yo!

Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble!

4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa:

Pran kouray! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini!

Li pral tire revanj sou lènmi nou yo,

li pral fè yo peye sa yo fè.

Se li menm menm ki pral fè sa pou l ka delivre nou.

5Je Eza 32.3,4; 48.21; Mat 11.5; Jan 5.8,9; 9.6,7 avèg yo pral louvri.

Zòrèy moun soudè yo pral debouche.

6Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit.

Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante.

Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè.

Dlo pral koule nan tout savann.

7Kote sab la te cho a pral tounen yon letan.

Tè sèk yo pral plen sous dlo.

Kote chen mawon te konn rete a

se la wozo ak jon pral pouse an kantite.

8Pral Eza 40.3; 52.1 gen yon bèl wout pase la.

Y'ap rele l: Wout Bondye a!

Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a.

Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase.

Okenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.

9P'ap Lev 26.6 gen lyon sou wout sa a.

P'ap gen bèt bwa k'ap pase la.

Se moun Senyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li.

P'ap gen lòt moun ankò!

10Moun Eza 51.11; 65.19 Senyè a te delivre yo pral tounen.

Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo,

ak kè kontan make sou figi yo.

Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt.

Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help