Mak 13 - 1998 Haitian Creole

Jezi anonse tanp lan gen pou l kraze(Matye 24.1-2; Lik 21.5-6)

1Antan Jezi t'ap soti nan Tanp lan, yonn

30Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv kounyeya ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive.

31Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

32Pèsonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

33Kenbe kò nou. Pa kite dòmi pran nou. Paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.

34Se Mat 25.14; Lik 19.12 tankou lè yon nonm pati l'al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè. Li bay gadyen pòt la lòd pou l pa dòmi.

35Se Lik 12.38 poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.

36Si l rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi.

37Sa m di nou la a, mwen di l pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help