1Olofèn bay moun li yo lòd pou yo mennen Jidit bò tab kote bèl vesèl ajan l yo te ye a, li mande pou yo pran nan pwòp manje pa l ak nan diven l lan pote bay Jidit.
2Men, Jidit di li konsa:
— Mèsi wi. Men, mwen p'ap manje nan manje ou yo pou sa pa lakòz mwen fè sa m pa dwe fè. M'a manje nan manje mwen te pote ak mwen an.
3Lè sa a Olofèn di l konsa:
— Lè w'a fin manje tou sa ou te pote a, kote n'a jwenn manje konsa ankò pou n ba ou, paske pa gen lòt moun menm ras avè ou isit la?
4Jidit reponn li:
— Jan ou wè ou vivan an, mèt mwen, mwen menm esklav ou, mwen pap gen tan fin manje manje mwen pote a anvan Granmèt la pa fè sa li gen pou l fè a ak men mwen.
5Apre sa, chèf k'ap sèvi avè Olofèn yo mennen Jidit anba yon tant. Jidit dòmi jouk bajou kase. Lè li leve,
6li voye mande Olofèn pou li bay lòd pou yo kite l sòti al lapriyè.
7Olofèn bay gad kò li yo lòd pou yo pa enpoze l sòti. Se konsa Jidit rete twa jou nan kan an. Chak nwit, li desann nan fon Betoulya a, al benyen nan sous la, kote yo te mete pòs yo.
8Lè li fin benyen, li lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, Granmèt la, pou Bondye louvri chemen pou li pou pèp Izrayèl la ka kanpe ankò.
9Tounen li tounen nan kan an nan kondisyon pou li fè sèvis Bondye a, li rete anba tant li jouk nan aswè apre li fin manje.
Olofèn fè yon gwo resèpsyon10Sou katriyèm jou a, Olofèn fè yon gwo resèpsyon pou tout gwo chèf k'ap sèvi avè l yo. Men, li pat envite okenn nan chèf ki te desèvis jou sa a.
11Li rele Bagoas, yon nèg konfyans ki te reskonsab tout zafè pa l yo pou li, li di l konsa:
— Ou prale bò kote fanm ebre ki lakay ou a. Ou pral pran tèt li pou li vin jwenn nou, pou l manje, pou l bwè ak nou tou.
12Paske, se va yon wont pou nou si nou kite yon fanm konsa ale san nou pa kouche avè l. Si nou pa fè yon ti fòs sou li, se li menm ki va pase nou nan rizib.
13Bagoas kite Olofèn, l'al jwenn Jidit. Li di l konsa:
— Yon bèl fi tankou ou, tanpri, pa pè al kay mèt mwen an pou li fè bèl bagay pou ou. W'a bwè diven, w'a fè kè ou kontan ak nou. Jòdi a ou pral tankou yon fi nan pèp Lasiri a k'ap sèvi nan kay Nebikadneza.
14Jidit di li:
— Kimoun mwen ye menm pou m ta di mèt mwen an non? Mwen pral prese fè sa ki pou fè l plezi a. Se va pi gwo kè kontan pou mwen jouk jou m'a mouri.
15Apre sa, Jidit leve, l'al mete pi bèl rad li sou li ak tout bijou li yo. Gouvènant li an pran devan l, li pote tapi Bagoas te bay Jidit pou li kouche chak jou lè l'ap manje a, li blayi l atè anfas Olofèn.
16Rive Jidit rive, li lage kò l atè sou tapi a. Kè Olofèn louvri lè li wè l, li te tèt anba. Li vin gen yon sèl anvi pou l kouche avè l. Depi premye jou li te wè l la, li t'ap tann okazyon sa a pou l te fè l pèdi kontwòl tèt li.
17Olofèn di l konsa:
— Bwè non. Fè kè ou kontan avè nou non!
18Jidit reponn li:
— M'ap bwè wi, mèt mwen. Paske depi mwen fèt, pa gen pi gwo jou pase jòdi a nan tout lavi mwen.
19Li manje, li bwè devan yo sa gouvènant li an te pare pou li.
20Olofèn te sitèlman pèdi nan fi a, li bwè diven, li bwè diven plis pase tou sa li te janm bwè nan yon jou depi l te fèt.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.