Sajès 5 - 1998 Haitian Creole

1Lè sa a, moun ki te mache dwat la va leve kanpe,

l'ap kenbe tèt li byen dwat devan moun ki t'ap toupizi l yo,

devan moun ki t'ap pase l nan betiz lè li t'ap bat kò li fè sa ki byen an.

L'ap kanpe gade yo nan je.

2Lè mechan yo va wè sa, y'ap pran tranble nan tout kò yo.

Y'ap sezi wè li delivre, paske se pa sa yo te kwè.

3Yo pral regrèt anpil tou sa yo te fè,

yo pral plenn, kè yo pral sere.

Yonn pral di lòt konsa:

4— Apa nonm nou te konn ap pase nan betiz la!

Nou te konn pase l nan wonn tenten.

Ala sòt nou te sòt! Nou te konprann li te fou pou l te viv jan li t'ap viv la.

Nou te kwè se te yon wont pou l te mouri jan l mouri a.

5Nou pa te wè kijan li ta ka pase pou yonn nan pitit Bondye yo,

kijan pou l ta rive gen menm sò ak sèvitè Bondye yo.

6Se nou menm ki te pèdi chemen laverite a.

Se nou menm ki t'ap mache nan bwa.

Nou pa janm mache kote pou bèl limyè jistis Bondye a ta ka klere sou nou,

kote pou solèy jistis la ta ka leve pou nou.

7Nou pase tout lavi nou nan fè sa ki mal ak sa ki sal jouk nou bay degoutans.

Nou t'ap mache nan dezè san nou pa swiv okenn chemen,

nou pa te janm chache konnen chemen Granmèt la pou nou te swiv li.

8Sa nou te bezwen fè tout awogans sa a?

Kisa tout richès ki t'ap fè nou fè grandizè sa yo fè pou nou?

9Tout bagay sa yo disparèt kounyeya tankou yon lonbray,

tankou yon nouvèl ou tande epi ou pa dòmi reve l.

10Nou tankou yon batiman k'ap fann lanm lanmè yo,

ou pa wè tras li kite lè li fin pase,

ou pa wè kote l te pase nan lanmè a.

11Nou tankou zwazo k'ap vole nan lè a,

li pa kite okenn tras pou ou wè kote l pase a.

Li bat zèl li ak fòs, li pran gwo elan, li fann lè a kouri ale.

Men, ou pa wè okenn renmak ki pou di ou kote l pase a.

12Osinon nou tankou yon flèch yo voye kote y'ap vize a.

Li chire lè a ki refèmen dèyè l fini li fin pase,

sitèlman ou pa konn ki chemen li pran.

13Wi, se konsa nou ye. Nou poko fèt, nou gentan disparèt.

Nou pa kite okenn tras nan lavi pou moutre nou te gen bon kalite.

Afòs nou fè mechanste, nou detwi pwòp tèt nou.

Men sa mechan yo ap di antan yo nan lanfè a.

14Wi, ki espwa ki gen pou moun ki pa sèvi Bondye yo?

Espwa yo tankou pay van ap pote ale,

tankou kim lanmè van tanpèt ap pouse ale.

Li disparèt tankou lafimen nan van,

y'ap bliye l tankou nou bliye etranje ki pase yon grenn nwit lakay nou.

15Men, moun ki mache dwat yo ap viv pou tout tan.

Granmèt la ap peye yo pou sa yo fè a.

Bondye ki anwo nèt nan syèl la ap okipe yo.

16Se konsa y'ap resevwa bèl kouwòn wa yo,

gwo bèl kouwòn nan men Granmèt la,

paske l'ap pwoteje yo ak fòs ponyèt li.

Tankou yon plak pwotèj, l'ap lonje men l kouvri yo.

17Tankou yon sòlda k'ap mete rad lagè li sou li,

li vlope kò l ak fòs pou l pran defans moun li renmen yo.

L'ap mete zam nan men tou sa li kreye pou yo fè lènmi yo fè bak.

18L'ap mete jistis anwo li tankou yon palto fè pou pwoteje lestonmak li.

L'ap mete pouvwa li genyen pou li jije san patipri a tankou yon kas nan tèt li.

19L'ap pran pouvwa li genyen tankou yon Bondye apa ki p'ap janm pèdi ankenn batay la,

l'ap fè l sèvi yon plak pwotèj fè.

20L'ap sèvi ak kòlè li ki p'ap pran priyè a tankou yon nepe byen file nan men li.

Lèfini, se tout bagay li kreye yo nèt ki pral antre nan batay la ansanm avè l pou kraze moun fou yo.

21Zèklè yo pral pati tankou flèch yo byen vize.

Y'ap sòti nan nyaj yo tankou nan banza byen mare,

y'ap vole ale kote pou yo ale a.

22Yon fistibal pral voye gwo grenn lagrèl ak fòs kòlè.

Lanm lanmè yo pral anvayi antre sou yo.

Dlo larivyè yo pral desann neye yo san pitye.

23Yon gwo van tanpèt pral leve dèyè yo,

l'ap vannen yo tankou yon siklòn.

Se konsa mechanste lèzòm ap lakòz tout bagay sou latè a pral fini nèt,

malfezans ap lakòz gouvènman tout wa latè yo pral tonbe.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help