Esdras 4 - 1998 Haitian Creole

Moun Samari yo vle rete travay la

1Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen sòti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

2Yo yo t'ap kontraye travay moun yo san rete.

6Konsa Sou Se gran wa Asnapa, wa ki te fè tout moun respekte l la, ki te depòte yo al fè yo viv kote yo ye kounyeya.

11Men kopi lèt yo te voye bay lanperè a:

— Pou lanperè Atagzèsès. Se nou menm, sèvitè ou yo, moun pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, k'ap voye di lanperè bonjou.

12Nou Esd 5.3,9 vle fè lanperè a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd ou, yo vini Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay mal. Y'ap travay pou yo rebati gwo miray ranpa lavil la. Yo gentan fini ak fondasyon an.

13Nou Esd 7.24 vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi.

14Men, paske nou respekte kontra nou gen avè ou la, monwa, nou pa ka rete konsa ap gade moun yo ap kraze enterè wa a. Se poutèt sa nou voye fè wa a konn sa,

15pou l ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt.

16Nou fè lanperè a konnen si yo rebati lavil sa a, si yo refè miray ranpa li yo, talè konsa lanperè a p'ap gen yon teritwa pou li ankò nan pwovens bò solèy kouche larivyè Lefrat la.

Repons wa a

17Men repons lanperè a voye ba yo:

— Nou voye gwo bonjou pou gouvènè Reyoum, pou sekretè Chimchayi ak pou tout lòt kanmarad yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat.

18Lèt nou te voye ban mwen an rive jwenn mwen. Yo tradi l mo pa mo pou mwen.

19Mwen pase lòd pou yo fè rechèch nan achiv yo, epi yo jwenn lavil sa a, depi tout tan, te toujou derefize soumèt devan otorite wa yo. Se tout tan gen moun la k'ap revòlte, k'ap pran lèzam kont wa yo.

20Te 1 Wa 4.21; Esd 7.24; Sòm 72.8 gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo.

21Se poutèt sa, nou mèt bay lòd pou yo rete travay mesye yo ap fè a: Pèsonn p'ap gendwa rebati lavil sa a toutotan mwen pa bay lòd pou sa.

22Piga nou pote neglijans nan zafè sa a, pou kès wa a pa fè plis defisi pase sa.

23Fini yo fini li lèt wa Atagzèsès la bay Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak lòt kòlèg yo nan gouvènman an, mesye yo leve, yo kouri lavil Jerizalèm al jwenn jwif yo, avèk zam nan men yo, yo fòse yo sispann travay la.

24Se konsa, yo te rete travay Tanp Bondye a, lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lane reny Dariyis, lanperè peyi Lapès la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help