1Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton Eze 9.4; Rev 7.4; 3.12 an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil (144.000) moun avèk li. Yo tout te gen non l ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo.
2Mwen Eze 1.24; 43.2; Rev 1.15 tande yon vwa ki sòti nan syèl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loray. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita.
3Tout Sòm 33.3; 40.3; 96.1; 98.1; 144.9; 149.1; Eza 42.10; Rev 5.9 sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pèsonn pat kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè.
4Moun 2 Kor 11.2; Ef 5.27 sa yo, se moun ki pat fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premye moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an.
5Manti Sòm 32.2; Eza 53.9; Sof 3.13 pat janm sòti nan bouch yo, yo san repwòch.
Twa zanj yo6Lè Rev 8.13 sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan syèl la. Li te gen yon bòn nouvèl pou l te bay tout moun ki rete sou latè, bòn nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi.
7Li Egz 20.11; Sòm 146.6 t'ap pale byen fò, li t'ap di:
— Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.
8Yon Da 4.30; Rev 18.2; Eza 21.9; Jer 51.7,8 dezyèm zanj t'ap swiv premye a, li t'ap di:
— Wey, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini! Li menm ki t'ap fè tout nasyon bwè diven fò li a! Li menm ki t'ap fè yo bwè diven gwo imoralite li a!
9Yon Rev 13.12-17; Mat 10.28 twazyèm zanj t'ap swiv de premye yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di:
— Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo,
10moun Eza 51.17; Sòm 75.8; Jen 19.24; Eze 38.22; Jer 25.15; Rev 16.19 sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an.
11Lafimen Eza 34.9,10; Rev 19.3 dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.
12Se Rev 13.10; 12.17 poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfyans yo fèm nan Jezi a gen anpil pasyans.
13Apre Eza 57.2; Eb 4.10; 1 Kor 15.58 sa mwen tande yon vwa nan syèl la ki di mwen:
— Men, ekri sa: Benediksyon pou tout moun ki depi kounyeya mouri nan sèvis Senyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.
Rekòt la14Apre Da 7.13; 10.16; Mat 13.39,41 sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nyaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nyaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
15Yon Jowèl 3.13 lòt zanj sòti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nyaj la. Li di l byen fò:
— Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la.
16Lè sa a, moun ki te chita anwo nyaj la pase kouto digo l la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè.
17Yon lòt zanj sòti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l.
18Yon Jowèl 3.13 lòt zanj ankò sòti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l byen fò:
— Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi.
19Lè Rev 19.15 sa a, zanj lan pase kouto digo l la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo.
20Yo Jowèl 3.13; Eza 63.3 kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule sòti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.