Miche 7 - 1998 Haitian Creole

Pèp Izrayèl la fin mouri

1Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen

4Moun Eza 22.5; Eze 2.6; 33.2; Na 1.10 ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa.

Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l te voye yo avèti l la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l di ni sa pou l fè.

5Pa Jer 9.4 mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou okenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!

6Lè Mat 10.21,35,36 sa a, pitit gason p'ap gen respè pou papa yo. Pitit fi ap kenbe tèt ak manman yo. Bèlfi ap fè kont ak bèlmè yo. Pi gwo lènmi ou se va pwòp moun k'ap viv nan kò kay ou.

7Men, Lam 3.26 se Senyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m'ap tann Bondye k'ap vin pou delivre m lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m!

Senyè a ap vin delivre pèp li a

8Nou Sòm 37.24; 112.4; Jer 50.11 menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa kounyeya, Senyè a va yon limyè pou nou.

9Se 1 Sam 24.15; Sòm 37.6; Jer 10.19 pou nou sipòte kòlè Senyè a paske nou fè peche kont Senyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye.

10Lè Sòm 18.42; Jowèl 2.17; Mi 4.11 sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Senyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye. Y'a meprize yo tankou chen.

11Nou Am 9.11,14 menm, moun lavil Jerizalèm, jou pou nou rebati miray lavil la prèt pou rive. Lè sa a, y'a agrandi peyi a.

12Wi, Eza 11.11,16; Zak 9.10 lè sa a, moun nou yo va tounen sòti toupatou vin jwenn nou. Y'a sòti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a sòti Lejip nan sid, y'a sòti lòt bò larivyè Lefrat, y'a sòti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.

13Men, Mi 6.13 tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo.

Senyè a gen pitye pou Izrayèl

14Senyè! Sòm 23.4; 28.9; Jer 50.19; Mi 5.4 Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l yo. Kounyeya, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y'al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l nan tan lontan an!

15Senyè! Sòm 78.12 Fè mèvèy pou nou jan ou te fè l lè ou te fè nou sòti kite peyi Lejip la!

16Moun Jij 18.19; Eza 26.11 lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi,

17Y'a Sòm 18.45; 72.9; Eza 49.23 woule nan pousyè. Y'a mache tankou bèt k'ap mache sou vant! Y'a pè, y'a kouri soti nan fò yo. Y'a tranble devan Bondye. Y'a tounen vin jwenn li. Y'a tranble tankou fèy bwa akoz Senyè a.

18Pa Egz 34.6,7; Sòm 103.9 gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.

19Wi, Sòm 80.14; Eza 38.17; Wòm 6.14 w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!

20W'a Sòm 105.9,10; Lik 1.72,73 moutre pitit Jakòb yo jan ou toujou kenbe pawòl ou. W'a moutre pitit Abraram yo jan ou p'ap janm sispann renmen yo, jan ou te sèmante l bay zansèt nou yo nan tan lontan!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help