Sòm 73 - 1998 Haitian Creole

TWAZYÈM LIV LA(Sòm 73—89)SÒM 73 (72)Jistis Bondye(1a) Se Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo,

yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.

11Epi Jòb 22.13; Sòm 10.11 yo di: — Ki jan pou Bondye fè konnen?

Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l ta pase pou li konnen?

12Wi, men ki jan mechan yo ye:

Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou richès.

13Nan Jòb 21.15; 34.9; Sòm 26.6; Mal 3.14 kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m pou m pa fè move bagay?

Se pou gremesi mwen refize mete men m nan move zafè?

14Se Rev 3.19 tout lajounen, Bondye, w'ap fè m soufri.

Chak maten, ou la pou pini mwen.

15Si m'di nan kè mwen: Bon, m'ap pale tankou mechan yo!

Si m' fè sa, se trayi mwen trayi moun k'ap sèvi ou yo.

16Se konsa mwen kalkile anpil pou m konprann bagay sa a.

Men, se pat bagay fasil menm pou mwen,

17jouk Sòm 37.38 lè mwen te al antre lakay ou,

pou m wè jan mechan yo gen pou yo fini.

18Wi, Sòm 35.6 ou mete yo sou yon chemen glise,

ou fè yo tonbe, epi yo fini.

19Kisa Jòb 18.11 ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini,

yo disparèt sitèlman yo pè.

20Senyè, Jòb 20.8; Sòm 78.65 yo tankou yon rèv moun fè

Leve ou leve, ou gentan bliye yo.

21Lè sa a, mwen santi m dekouraje;

sa te fè m mal anpil.

22Mwen Jòb 18.3 te sòt, mwen pat konprann anyen.

Mwen te tankou yon bèt devan ou.

23Mwen menm, mwen toujou la avèk ou,

ou kenbe men m pou m pa tonbe.

24Ou Sòm 32.8; 49.15; Jan 14.3 ban m konsèy pou m pa pèdi chemen m.

Lèfini, ou resevwa m lakay ou.

25Se Sòm 16.2; Eza 26.8; Fil 3.8 ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt.

Se ou ki tout plezi m sou latè.

26Kò m Sòm 16.5; 84.2 te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga,

se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen,

se ou menm ki tout mwen.

27Se Egz 34.15; Sòm 106.39; Jak 4.4 vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri,

w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.

28Mwen Sòm 14.6; 118.17; Eb 10.22; Jak 4.8 menm, sa bon nèt pou m rete bò kote Bondye:

Se nan Senyè a mwen jwenn pwoteksyon.

M'a fè konnen tou sa li fè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help