1Men mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi Eze 25.15,16; Am 1.6,7; Sof 2.4,5 sou peyi Filisti a, anvan farawon an te al atake Gaza.
2Senyè a Eza 8.7 di konsa:
— Gade! Bò nan nò, dlo yo ap gonfle,
y'ap fè yon gwo lavalas k'ap desann,
y'ap anvayi peyi a, y'ap kouvri tou sa ki ladan l.
Y'ap anvayi lavil yo ak tout moun ladan yo.
Moun ap rele, y'ap plenn.
Tout moun nan peyi a nan gwo lapenn.
3Lè Jer 46.15; Na 3.2 y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a,
bri cha lagè yo k'ap kouri vini
ak bri wou yo k'ap woule atè a,
papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo,
tèlman y'a dekouraje.
4Lè a Jowèl 3.4; Am 1.8; 9.7 rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt,
pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou.
Se mwen menm Senyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo,
tout moun ki sòti nan lil Krèt la.
5Moun Jer 48.37 Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tèt yo.
Moun Askalon yo pa ka pale.
Kilè rès moun nan fon Filisti a
va sispann kòche kò yo ak kouto pou plenn sò mò yo?
6Adye! Det 32.41 Kilè nepe Senyè a
va sispann touye moun?
Tounen nan djenn ou!
Rete tou dousman, poze kò ou la!
7Men, Eze 14.17; Mi 6.9 ki jan pou li fè poze lè Senyè a ba li lòd travay?
Li gen pou l ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a.
Se la mwen voye l ale.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.