Danyèl 4 - 1998 Haitian Creole

Dezyèm rèv wa a

1 Men mesay wa Nebikadneza voye bay tout pèp, moun nan li. Mwen rakonte l rèv mwen te fè a.

9Mwen Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.

28Tou sa Danyèl te di a rive wa Nebikadneza vre.

29Douz mwa apre sa, wa a t'ap pwonmennen sou teras palè li a lavil Babilòn,

30li Da 5.20 di konsa:

— Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l ak fòs kouray mwen pou l sèvi m kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.

31Wa a Lik 12.20 pat ankò fèmen bouch li, lè yon vwa rete nan syèl la, li di:

— Wa Nebikadneza, koute sa m'ap di ou. Depi jòdi a, yo wete pouvwa a nan men ou. Ou pa wa ankò.

32Yo Da 5.21 p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan setan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.

33Lamenm sa pawòl la te di a rive vre. Yo mete wa a deyò pou l pa mache sou moun. Li t'ap manje zèb tankou bèf. Lawouze tonbe sou tout kò l. Cheve nan tèt li pouse tankou plim malfini, zong li yo vin long tankou grif zwazo.

Nebikadneza fè lwanj Bondye

34Wa a Sòm 10.16; Da 2.44; 6.26; Rev 4.10; 11.15 di ankò:

— Apre setan sa yo, mwen menm Nebikadneza, mwen leve je m mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa.

L'ap donminen pou tout tan.

Gouvènman li ap la jouk sa kaba.

35Li Jòb 9.12; Sòm 115.3; Ekl 8.4; Eza 14.27; 40.17; 45.9; Wòm 9.20 pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen.

Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la,

ansanm ak tout moun ki sou latè.

Pèsonn pa ka kenbe tèt avè l.

Pèsonn pa ka mande l kont!

36Lè bonnanj mwen tounen sou mwen, yo renmèt mwen pouvwa mwen, otorite mwen ak tout bèl bagay mwen te genyen. Konseye mwen yo ak chèf k'ap sèvi mwen yo voye chache m, yo mete m wa ankò. Mwen vin gen plis pouvwa pase anvan.

37Kounyeya, mwen Det 32.4; Sòm 33.4; Pwo 29.23; Da 5.20,23; Rev 15.3 menm Nebikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pèsonn. Li konn jan pou l fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help