Tobi 13 - 1998 Haitian Creole

Tobi ap fè lwanj Bondye

1Epi lè sa a, Tobi di konsa:

— Lwanj pou Bondye ki p'ap janm mouri a!

Gouvènman li kanpe pou tout tan.

2Li pini moun,

konsa tou li gen pitye pou yo.

Li fè moun desann jouk anba nan peyi kote mò yo ye a.

Apre sa, li rale yo sòti nan gwo twou san fon an.

Pèsonn pa ka chape anba men l.

3Nou menm, moun pèp Izrayèl yo,

fè lwanj pou li devan tout nasyon yo!

Paske se li ki te gaye nou nan mitan yo.

4Se la li fè nou wè jan li gen pouvwa.

Fè konpliman pou li devan tout moun.

Se li menm ki Granmèt nou,

se li menm ki Bondye nou.

Se li menm ki papa nou.

Se Bondye li ye pou tout tan tout tan.

5Si li pini nou pou mechanste nou fè,

l'ap gen pitye pou nou tou.

L'ap sanble nou sòti nan mitan tout nasyon

kote li te gaye nou yo.

6Si nou tounen vin jwenn li,

ak tout kè nou, san okenn lide dèyè tèt nou,

pou nou mennen bak nou dwat devan li,

li menm tou l'a tounen vin jwenn nou.

Li p'ap janm vire tèt li ban nou do.

7Gade sa l fè pou nou!

Louvri bouch nou laj pou nou di l mèsi.

Fè lwanj pou Granmèt la ki pa nan patipri.

Fè konpliman pou sila ki wa pou tout tan an.

8 Nan peyi kote yo depòte m lan

m'ap fè lwanj pou li,

m'ap fè nasyon moun mechan yo

konnen fòs li ak pouvwa li.

Nou menm k'ap fè sa ki mal, tounen vin jwenn li.

Fè sa ki dwat devan li.

Nou pa janm konnen, li ka resevwa nou,

li ka gen pitye pou nou.

9Mwen menm pou tèt pa m, m'ap chante pou Bondye.

Mwen fè kè m kontan pou wa ki nan syèl la.

10Se pou tout moun di jan li gen pouvwa.

Se pou yo fè lwanj li lavil Jerizalèm.

Jerizalèm, lavil ki apa pou Bondye a,

Bondye ap pini ou pou sa moun ou yo, pitit ou yo, fè,

men l'ap gen pitye pou moun ou yo ki mache dwat.

11Di Granmèt la mèsi jan sa dwe fèt.

Fè lwanj pou sila ki wa pou tout tan an,

pou yo ka rebati tanp li an nan mitan ou ak kè kontan,

12l'ap bay tout moun yo te depòte yo kè kontan

lè y'a tounen nan mitan ou,

l'ap fè wè jan li renmen tout malere ki nan mitan ou yo,

pou tout tan jouk sa kaba.

13Yon bèl gwo limyè pral klere toupatou sou latè.

Anpil moun ap sòti byen lwen

nan kat kwen latè,

y'ap vin nan pye Bondye, Granmèt la.

Men yo chaje ak kado pou Wa ki nan syèl la.

Jenerasyon apre jenerasyon,

moun pral fè wè jan yo kontan pou ou.

Non lavil Bondye chwazi a

pral rete pou tout tan tout tan nan tèt tout moun!

14Madichon pou moun ki va joure ou!

Madichon pou moun ki va leve men yo sou ou

pou detwi ou, pou kraze miray ranpa ou yo,

pou demoli gwo fò won ou yo, pou boule kay ou yo!

Benediksyon ki p'ap janm fini pou moun ki gen krentif pou ou!

15Lè sa a, w'a fè fèt pou moun ki mache dwat yo!

Yo tout pral sanble ansanm,

yo pral fè lwanj Granmèt ki la pou tout tan an.

Ala bon sa va bon pou moun ki renmen ou yo!

Yo pral kontan wè jan w'ap viv ak kè poze.

16Ala bon sa va bon pou moun ki pral pran lapenn pou tout malè ki pral rive ou yo!

Wi, yo pral fè kè yo kontan pou ou,

yo pral wè jan sa bon pou ou pou tout tan.

Kite m di Granmèt la, Gran Wa a, mèsi!

17Yo pral rebati lavil Jerizalèm.

Kay Bondye a pral kanpe pou tout tan tout tan.

Ala kontan m'a kontan si ta gen yon moun nan ras mwen lè sa a,

pou wè jan ou bèl, pou fè lwanj Wa ki nan syèl la!

Y'ap rebati pòtay lavil Jerizalèm yo ak pyè safi, ak pyè emewòd.

Y'ap rebati tout miray li yo ak pyè ki koute chè.

Y'ap rebati gwo fò won lavil Jerizalèm yo

ansanm ak miray ranpa li yo ak lò, wi ak bonjan lò.

Y'ap pave lari lavil Jerizalèm yo

ak pyè ribi, ak pyè ki sòti peyi fi.

18Pòtay lavil yo pral chante sitèlman y'ap kontan.

Tout kay yo pral pran chante.

Lwanj pou Bondye pèp Izrayèl la! Abobo!

Epi tout moun ou te chwazi yo va fè lwanj

pou non Bondye a pou tout tan tout tan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help