Sajès 18 - 1998 Haitian Creole

1Men, pou moun k'ap viv apa pou ou yo, te gen yon gwo bèl limyè ki tap klere yo. Moun peyi Lejip yo tande vwa yo, atout yo pa te ka wè yo. Lè sa a, yo t'ap di jan sa te bon pou pèp ou a ki pa t'ap soufri tankou yo.

2Yo t'ap di yo mèsi dèske, apre jan yo menm yo te maltrete pèp ou a, pèp ou a pa te tire revanj sou yo. Yo t'ap mande moun pa ou yo padon pou jan yo menm, moun peyi Lejip yo, yo te trete yo tankou lènmi.

3Ou pa voye fènwa sou pèp ou a. Se yon poto dife ou ba yo pou moutre yo chemen pou yo pran nan yon peyi yo pa konnen, pou sèvi yo solèy, yon solèy ki p'ap fè yo okenn mal pandan tout bèl vwayaj yo t'ap fè a.

4Men, moun peyi Lejip yo te merite rete san okenn limyè, mare tankou prizonye nan fènwa, paske yo te fè pitit ou yo prizonye, pitit ou te chwazi pou pote bay tout moun sou latè limyè lalwa ou la, yon limyè ki pa janm ka gate.

Lanmò premye pitit gason moun peyi Lejip yo

5Moun peyi Lejip yo te pran desizyon pou yo te touye pitit gason moun k'ap viv apa pou ou yo. Men, gen yon timoun yo te bandonnen, se li ase ki te sove. Pou pini moun Lejip yo, ou touye yon bann pitit yo, ou fè yo mouri neye anmenmtan nan dlo ki move yo.

6Men, depi lontan zansèt nou yo te konnen sa ki ta pral rive lannwit sa a. Yo pa te janm dekouraje paske yo te sèten nan ki kalite pwomès yo te mete espwa yo.

7Pèp ou a t'ap tann ou vini ni pou delivre moun ki mache dwat yo, ni pou fini ak lènmi nou yo.

8Paske, antan ou t'ap tire revanj ou sou moun ki pa te vle wè nou yo, ou fè gwo lwanj pou nou, ou rele nou vin jwenn ou.

9Se konsa, moun ki t'ap viv apa pou ou yo, pitit moun ki t'ap mache dwat yo, t'ap ofri bèt pou yo te touye pou ou an kachèt. Yo mete tèt yo ansanm, yo pran angajman pou yo respekte lalwa Bondye a ki mande yo pou yo separe yonn ak lòt tout benediksyon y'a resevwa ansanm ak tout danje ki ka rive yo. Apre sa, yo pran chante chante lwanj zansèt yo te fè pou Bondye.

10Men, lènmi yo bò pa yo t'ap rele fè lòbèy nan lapenn yo. Rèl yo te toupatou. Byen lwen ou t'ap tande plenn moun ki t'ap kriye pou pitit yo ki te mouri.

11Mèt kay yo t'ap sibi menm chatiman ak esklav yo. Wa a t'ap soufri menm lapenn ak moun nan pèp la.

12Menm malè a te rive yo tout. Yo tout te pèdi anpil nan moun yo. Sa ki te rete vivan yo pa te kont pou antere mò yo. Yon sèl kou a tout pi bon pitit yo te disparèt.

13Afòs yo te fè maji, yo pa te vle kwè avètisman yo te ba yo a. Men, devan kadav premye pitit gason yo, yo sètoblije rekonèt se pitit Bondye pèp Izrayèl la te ye vre.

14Lè sa a, li te bò zòn menwit konsa, ou pa te tande yon ti bri ankenn kote.

15Pawòl ou ki gen tout pouvwa a sòti anwo nan syèl la, bò fòtèy kote ou chita tankou wa a, li kouri desann sou yon peyi ki te kondannen pou disparèt, tankou yon sòlda ki pa pran priyè epi ki pote nan men li, tankou yon nepe byen file, lòd fèm ou te bay la.

16Lè li rive, li touye moun toupatou. Li te kanpe de pye l sou latè, tèt li rive jouk nan syèl la.

17Lè sa a, moun ki ta pral mouri yo rete konsa, yo pran fè move rèv ki t'ap fè yo pè. Wi, yon sèl lapèrèz rete konsa, li tonbe sou yo.

18Yo jete kò yo atè toupatou twaka mò. Lè sa a, yo fè tout moun konnen pou ki rezon y'ap mouri konsa,

19paske move rèv ki t'ap boulvèse yo a te ba yo avètisman pou yo pa te mouri san konnen poukisa tout malè sa yo te rive yo.

Arawon lapriyè pou pèp Izrayèl la pa mouri

20Lanmò te tonbe sou moun ki mache dwat yo tou pou sonde yo. Yon sèl maladi tonbe sou yo antan yo te nan dezè a. Men, kòlè ou la pa te dire lontan,

21paske yon nonm san repwòch prese kanpe pou pran defans yo. Avèk zouti sèvis li nan men li, li lapriyè nan pye ou, li boule lansan pou mande ou padon pou yo. Li kanpe devan kòlè ou la, li rete maladi a sou kous li. Li moutre se sèvitè ou tout bon li ye.

22Se pa te avèk fòs kouray pa li, ni avèk gwo zam lagè li te rive kraze kòlè ou la, men se ak lapriyè li te kenbe men moun ki tap frape a, li fè ou chonje gwo pwomès ou te fè zansèt nou yo ak kontra ou te pase ak yo a.

23Moun mouri te gentan ap fè pil yonn sou lòt. Li vin kanpe devan kòlè ou la, li bare chemen ou pou ou pa ale sou sa ki t'ap viv toujou yo.

24Gwo rad long li te gen sou li a te plen desen ki reprezante tout latè. Sou kat ranje pyè bijou ki sou lestonmak li yo te grave bèl non zansèt nou yo. Lèfini, sou kouwòn nan tèt li a, te gen yon desen ki reprezante gwo bèl pouvwa chèf ou a.

25Zanj ki t'ap touye a renka kò l devan bagay sa yo sitèlman li te pè. Pou pèp ou a, sa te kont pou fè yo santi jan ou ka fè kòlè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help