1Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m menm ap veye bò pòtay yo pou okenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.
20Yonn ou de fwa, kèk machann k'ap fè trafik vann tout kalite machandiz te blije pase nwit lavèy jou repo a, deyò lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.
21Mwen avèti yo, mwen di yo:
— Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyò bò miray la fè? Si nou fè sa ankò, m'ap fè mete men sou nou.
Depi lè sa a yo pa janm vini jou repo a ankò.
22Mwen Ney 12.30 bay moun Levi yo lòd pou yo fè sèvis pou mete tèt pa yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pòtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l la.
Poutèt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kè, tanpri, pitye pou mwen!
23Se Esd 10.10; Ney 4.7; 13.1 lè sa a tou, mwen vin wè te gen anpil jwif ki te marye ak fanm ki te moun peyi Asdòd, moun peyi Amon osinon moun peyi Mowab.
24Mwatye nan timoun yo te pale lang peyi Asdòd la ase ou ankò yon lòt kalite lang. Yo pat konn pale lang nou an.
25Mwen Esd 10.5; Ney 10.29,30 rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.
26Mwen 2 Sam 12.24,25; 1 Wa 3.13; 11.1-8 di yo:
— Se peche sa a menm wa Salomon te fè! Atout pat gen tankou l nan tout wa lòt nasyon yo, atout Bondye l la te renmen l, atout se Bondye menm ki te mete l wa sou tout pèp Izrayèl la, se madanm lòt nasyon yo ki te pran tèt li pou fè l fè sa ki mal.
27Kounyeya nou Esd 10.2 ta renmen tout moun vin konnen n'ap fè menm gwo peche sa a, n'ap trayi Bondye nou an, n'ap marye ak medanm ki moun lòt nasyon?
28Jojada Ney 2.10,19 te pitit Elyachib, granprèt la. Yonn nan pitit gason l yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nèg lavil Bèt-Owon an. Mwen mete l deyò pou m pa janm wè l devan je m ankò.
29O Ney 6.14; Mal 2.4 Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!
30Mwen Ney 10.30 te wete tout bagay ki pou moun lòt nasyon yo nan mitan pèp la pou yo te ka nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mwen fè regleman pou prèt yo ak moun Levi yo. Konsa, chak moun te gen travay pa yo.
31Mwen Ney 10.34 bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt.
O Bondye mwen, pa bliye m tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.