Sòm 138 - 1998 Haitian Creole

SÒM 138 (137)Mèsi Bondye(1a) Se Sòm 95.3; 111.1 yon sòm David.

1(1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m.

La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita

pou ou!

2M'ap Sòm 5.7 mete ajenou devan kay ki apa pou ou a,

m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè,

paske ou toujou kenbe pawòl ou,

paske ou fè sa ou te pwomèt la.

Se tout moun k'ap nonmen non ou kounyeya.

3Lè m te rele ou, ou te reponn mwen,

ou te ban m plis kouray.

4Tout Sòm 102.15 moun ki sou latè va fè lwanj ou, Senyè,

lè y'a vin konnen pawòl ki sòti nan bouch ou.

5Y'a chante pou sa Senyè a te fè,

y'a di: Ala gwo pouvwa Senyè a genyen!

6Wi, Sòm 113.5,6; Pwo 3.34; Lik 1.48; Jak 4.6 Senyè a anwo nan syèl la.

Men, li wè moun ki soumèt devan li.

Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.

7Menm Sòm 23.4; 71.20 lè mwen nan gwo tèt chaje,

ou pa kite m mouri.

Ou leve men ou pou rete lènmi m yo ki ankòlè.

Ou sove m avèk fòs ponyèt ou.

8W'a 1 Kwo 16.34; Sòm 57.2; Fil 1.6 fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an.

Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou.

Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help