Jidit 10 - 1998 Haitian Creole

Jidit desann nan kan Olofèn lan

1Lè Jidit fin lapriyè konsa nan pye Bondye pèp Izrayèl la, lè li fin di l tou sa pou l te di l yo,

2li leve kanpe, li rele gouvènant li an, li desann nan kay li jan li te toujou fè sa jou repo yo ak lòt jou fèt yo.

3Li wete rad sak li te mete sou li a, li wete rad dèy li tap pote pou mari l la, li benyen byen benyen, li pase lwil odè koute chè sou tout kò li. Li penyen cheve nan tèt li byen bèl, li mare yo ak yon bèl riban, li mete bèl rad li te konn mete lè Manase, mari l la, pa t'ankò mouri.

4Li mete sandal nan pye l, li pase yon kolye nan kou l, li mete brasle nan ponyèt li ak nan pye l, li mete bag, zanno ak tout lòt bijou li te genyen. Li fè kò l bèl anpil pou tout gason ki wè l ka tonbe pou li.

5Li bay gouvènant li an yon veso tchwi plen diven ak yon krich plen lwil. Lèfini, li pran yon sak, li plen l ak farin lòj, gato figfrans chèch ak pen ki kwit jan lalwa jwif yo vle l la. Li vlope tout manje a ansanm ak veso yo byen vlope epi li bay gouvènant li an pote yo.

6Apre sa, yo tou de sòti. Yo pran direksyon pòtay Betoulya a pou yo kote yo jwenn Ozyas ak chèf lavil yo, Chabis ak Chamis, ap fè pòs.

7Lè mesye yo wè Jidit parèt ak figi l byen ranje, ak lòt rad sou li, yo louvri je yo gran lè yo wè jan li te bèl. Yo di l konsa:

8— Se pou Bondye papa nou yo fè yo resevwa ou byen, pou ou ka fè sa ou vle fè a, pou sa sèvi yon lògèy pou pèp Izrayèl la ak yon gwo lwanj pou lavil Jerizalèm.

9Jidit bese tèt li pou li lapriyè, apre sa li di yo konsa:

— Bay lòd pou yo louvri pòtay lavil la pou mwen. M pral fè sa nou te pale ansanm lan.

Chèf yo bay jenngason yo lòd pou yo louvri pòtay la pou li.

10Se konsa Jidit ak gouvènant li an sòti kite lavil la. Mesye lavil yo menm rete la ap gade l ale desann mòn lan, pran fon an pou li, jouk yo pa wè l ankò.

11De medanm yo ale dwat devan yo nan fon an. Yo kontre ak kèk sòlda peyi Lasiri ki t'ap fè patwouj.

12Sòlda yo met men sou Jidit, yo mande l konsa:

— Moun ki bò ou ye? Kote ou sòti la a? Kote ou prale?

Jidit reponn yo:

— Se yonn nan moun ebre yo mwen ye. Men, mwen kouri kite yo paske yo pa lwen tonbe anba men nou, nou menm moun Lasiri yo, pou nou detwi yo.

13M pral bò kote jeneral Olofèn, kòmandan lame nou an, pou m ba li koze a nan bon ti mamit. M'ap moutre li ki chemen pou l pase pou l moute nan mòn yo pou l ka pran tout zòn lan pou li, san yon grenn sòlda pa mouri, san pèsonn pa pèdi.

14Lè mesye yo tande pawòl sa yo, yo rete la konsa ap gade fanm lan sitèlman li te bèl nan je yo. Apre sa, yo di l:

15— Ou sove lavi ou vre nan prese ou prese desann vin wè kòmandan nou an. Ou mèt pwoche bò tant li a. Gen kèk nan nou la a ki pral avè ou jouk y'a renmèt ou nan men l.

16Lè w'a rive devan l, ou pa bezwen gen kè sote. Annik di li tou sa ou sot di nou la a, epi l'ap resevwa ou byen.

17Sòlda yo chwazi san (100) gason nan mitan yo, yo voye yo ale ak Jidit ansanm ak gouvènant li an pou mennen yo nan tant Olofèn lan.

18Moun sòti toupatou nan kan an vin wè Jidit, paske nouvèl la te kouri gaye nan zòrèy tout moun anba tant yo. Lè Jidit rive bò tant Olofèn lan, li kanpe devan tant lan ap tann y'al di Olofèn li la. Sòlda yo menm t'ap fè wonn bò kote l.

19Yo te gaga devan bèl fanm lan, yo t'ap di nan kè yo moun Izrayèl sa yo pa manke bèl. Yonn t'ap di lòt:

— Kimoun ki ka meprize yon pèp ki gen fanm tankou fanm sa a? Sèten, se pou n touye dènye gason nan pèp sa a. Si nou pa fè sa, moun sa yo ka rive donminen sou tout moun sou latè ak cham yo ase.

20Lè sa a, nèg konfyans Olofèn yo ak tout lòt moun k'ap sèvi l yo sòti, yo pran Jidit, yo mennen l anba tant lan.

21Olofèn menm te kouche sou kabann li, anba moustikè li ki te fèt ak twal wouj, ak lò, pyè emewòd ak lòt pyè koute chè koud ladan l.

22Yo fè l konnen Jidit te vin wè l. Li leve, li vanse jouk nan papòt devan an. Moun ki t'ap pote lanp fèt an ajan yo t'ap mache devan l.

23Lè Jidit parèt devan Olofèn ak devan bann lòt chèf ki tap sèvi avè l yo, mesye yo rete gaga pou yo wè jan li te bèl. Men li menm Jidit, li lage kò l atè, li bese tèt li rive jouk atè devan Olofèn. Lè sa a, domestik Olofèn yo ba li men pou fè l leve.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help