1(1b) Senyè, ki moun ki ka rete lakay ou a?
Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?
2Se Sòm 84.11; 106.3; Zak 8.16; Ef 4.25 moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay,
ki toujou fè sa ki byen.
Se moun ki pale verite a jan l ye nan kè li,
3ki Egz 23.1; Lev 19.16 pa nan bay moun kout lang.
Se moun ki p'ap fè zanmi l yo anyen ki mal,
ki p'ap mache fè tripotay sou vwazinay.
4Li Joz 9.18-20; Jij 11.35; Estè 3.2 meprize tout moun Bondye vire do bay,
men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a.
Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè.
5Li Egz 23.8; Det 16.19; 23.19; Eze 18.8 prete moun san mande enterè.
Li p'ap pran lajan anba pou l bay manti sou moun ki inonsan.
Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.