Sajès (Sajès) - 1998 Haitian Creole
(Sajès)Nou pa konn kimoun ki ekri liv Bon Konprann lan. Men, se yon jwif ki t'ap viv lavil Aleksandri nan peyi Lejip, yon trantan konsa anvan Jezikri, ki ekri l nan lang grèk la. Li t'ap swiv modèl yo jwenn nan liv Pwovèb yo, nan liv Jòb la, nan liv Filozòf la ak nan kèk Sòm. Li sèvi ak anpil pawòl li jwenn nan liv jwif yo, men li melanje yo ak lòt pawòl li jwenn nan liv nèg save grèk yo, pou l te ka kanpe konfyans li gen nan Bondye a jan jwif yo kwè l la. Konsa, li ta vle ekri liv la ni pou jwif ki pa pale lang ebre a, ni pou grèk yo, pou moutre yo ki kalite Bondye jwif yo ap sèvi.Nan premye pòsyon liv la (chapit 1 rive chapit 5), yo pale sou sò k'ap tann mechan yo ak sò k'ap tann moun k'ap mache dwat yo. Dezyèm pòsyon an (chapit 6 rive chapit 9) se yon bèl koze sou Bon Konprann, kote li di tout moun bezwen bon konprann, men chèf ki gen reskonsabilite dirije peyi yo bezwen li pi plis pase tout lòt moun. Nan twazyèm pòsyon an (chapit 10 rive chapit 19), yo pale sou travay Bon Konprann lan nan istwa pèp Izrayèl la.Gen de pawòl nou jwenn nan liv sa a ki sòti nan lide moun peyi Lagrès yo: se pawòl ki di kò moun se yon antrav ki anpeche nanm yo devlope jan yo ta dwe, epi pawòl ki di nanm moun p'ap janm mouri.Men sa ki nan liv la:1- Rekonpans moun k'ap mache dwat yo ak chatiman mechan yo 1.1—5.232- Lwanj pou Bon Konprann 6.1—9.183- Bon Konprann pwoteje pèp Bondye a, li pini lènmi l yo 10.1—12.274- Sèvis zidòl se bagay moun fou 13.1—15.135- Jan pèp Izrayèl la te sòti kite peyi Lejip 15.14—19.22