Jonas 2 - 1998 Haitian Creole

1Antan nan vant pwason an, Jonas lapriyè Senyè a, Bondye a, li di:

Lapriyè Jonas la

2Nan Sòm 118.5; 120.1; Lam 3.55,56 mizè mwen ye a, Senyè, Mwen rele nan pye ou, ou reponn mwen.

Nan fenfon peyi kote mò yo ye a, Mwen mande ou sekou, ou tande vwa mwen.

3Ou Sòm 42.7; 88.6,7 lage m' jete byen fon nan lanmè,

Dlo sènen mwen toupatou.

Tout kouran dlo ak tout lanm, Yo tout pase sou mwen.

4M'ap 1 Wa 8.35,38; Sòm 31.22 di nan kè mwen Genlè ou voye m' jete lwen ou nèt!

Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!

5Tout Sòm 69.1 dlo kouvri m'

Yo prèt pou anglouti m'.

Fon lanmè viwonnen mwen,

Zèb lanmè vlope tout tèt mwen.

6Mwen Sòm 16.10; 103.4 desann, mwen desann,

mwen rive jouk nan rasin mòn yo,

nan peyi kote sa ki antre pa sòti.

Men, Senyè, Bondye mwen,

ou rale m sòti nan twou a. Ou ban m lavi ankò.

7Lè m 1 Wa 8.30; Sòm 107.5; 142.3 santi mwen taprale vre,

mwen vin chonje ou, Senyè!

Mwen lapriyè nan pye ou.

Kote ou chita nan Tanp ki apa ou a, ou tande m.

8Moun 2 Wa 17.15; Jer 2.5,13 k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo,

se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.

9Men, Sòm 50.14 m'ap chante pou m fè lwanj ou,

m'a ofri bèt pou yo touye pou ou.

M'a kenbe angajman mwen te pran an.

Se Senyè a ki delivrans nou.

10Lè sa a, Senyè a pase gwo pwason an lòd vomi Jonas sou rivaj lanmè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help