1Nonm lan mennen m bò pòtay ki bay sou bò
20Prèt Lev 21.5 yo pa gendwa kale tèt yo, ni se pa pou yo kite cheve yo vin twò long. Se pou yo toujou taye cheve yo.
21Prèt Lev 10.9 yo pa gendwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.
22Prèt Lev 21.14 yo pa gendwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gendwa marye ak vèv yon prèt parèy yo.
23Prèt Lev 10.10,11 yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
24Lè Det 17.8,9; Eze 22.26 yon moun gen kont ak yon lòt, se prèt yo ki va jije yo dapre sa ki nan lalwa mwen an. Se yo ki pou òganize tout fèt mwen yo dapre lòd ak regleman mwen bay. Jou repo m yo, yo pa gendwa fè okenn travay.
25Prèt Lev 21.1-3 yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gendwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye.
26Apre Nonb 19.11,12 la fin fè sèvis pou mete l nan kondisyon ankò pou sèvi m, se pou l tann sèt jou.
27Apre Lev 4.3 sa, jou l'a gen pou l pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
28Prèt Nonb 18.20; Eze 45.4 yo pa gen okenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo.
29Se Nonb 18.9,10,14 yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye.
30Tou Egz 23.19; Nonb 15.20; Eze 45.13,14; Mal 3.10 sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou.
31Prèt Lev 22.8 yo pa gendwa manje okenn bèt, kit se zwazo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.