1David te fin vye, li te fin Jeouch ak Berya.
11Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pat gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi.
12Keyat Egz 6.18; 1 Kwo 6.18 te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.
13Amram Egz 6.20; 28.1; 30.7; Nonb 6.23; Eb 5.4 te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Senyè a, pou yo sèvi l, pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.
14Moyiz Det 33.1; Jij 18.30; 1 Kwo 26.23-25 te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fè pati branch fanmi Levi a tou.
15Moyiz Egz 2.22; 18.3,4 te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè.
16Premye 1 Kwo 26.24 pitit Gèchòm lan te rele Chebwèl.
17Elyezè 1 Kwo 24.21,22; 26.25 li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pat fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit.
18Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.
19Men 1 Kwo 24.23; 26.31 pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyèm lan Amarya, twazyèm lan Jakazyèl, katriyèm lan Jekameam.
20Men 1 Kwo 24.24,25 pitit Ouzyèl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyèm lan.
21Merari Egz 6.19; 1 Kwo 6.19,29; 24.26,29 te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich.
22Eleaza Nonb 36.6,8; 1 Kwo 24.28 mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo.
23Mouchi 1 Kwo 24.30 te gen twa pitit gason: Makli, Edè ak Jerimòt.
24Se 1 Kwo 23.3 tout moun ras Levi sa yo, daprè fanmi yo, ki te gen non yo make sou rejis kòm chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo, depi sou sa ki gen ventan pou rive sou pi gran yo.
25David 1 Kwo 22.18 te di:
— Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te fè pèp li a viv ak kè poze. Li menm, Senyè a, l'ap toujou rete lavil Jerizalèm.
26Konsa, Nonb 4.5-15; 2 Kwo 35.3 moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Senyè a ankò ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fè sèvis pou li ankò.
27Se 1 Kwo 23.3 konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
28Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Senyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.
29Yo Lev 6.20,21; 7.12; 24.5-8; 1 Kwo 9.29,31 te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.
30Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li.
31Se Lev 23.2,4; Nonb 28.11; Eza 1.13 pou yo la tou lè y'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lòt jou fèt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fè ak kantite moun ki pou fè chak travay. Se te reskonsabilite yo pou yo te toujou ap sèvi Senyè a.
32Se Nonb 1.53; 3.6-9 yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Senyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki sòti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.