1Piga nou janm pran bèf, osinon Det 15.21 kabrit, oswa mouton domaje ofri bay Senyè Bondye nou an, paske Senyè a rayi vye pratik konsa.
2Si Det 13.6-11 ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Senyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Senyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,
3pou Det 4.19; Jer 7.31 l'al fè bagay Senyè a pa janm mande nou fè, pou l'al sèvi lòt bondye, tankou, lalin osinon zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,
4epi sa rive tonbe nan zòrèy nou, lè n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fèt vre, si yo ka rive ban nou prèv se yon moun nan pèp Izrayèl la menm ki te fè move bagay sa a,
5lè Joz 7.25 sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l wòch jouk li mouri.
6Anvan Nonb 35.30; Det 19.15; Jan 8.17; Eb 10.28 nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò.
7Lèfini, Lev 24.14; Det 13.5,9 se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
Gran tribinal prèt yo8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak entere yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l, ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l nou menm, n'a leve, n'a moute kote Senyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
9n Det 19.17; 2 Kwo 19.8; Eze 44.24 aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an.
10Lè sa a, nou menm poutèt pa nou, n'a fè tou sa moun ki rete kote Bondye te mete apa pou fè sèvis pou li a te di nou. N'a pran tout kalite prekosyon pou nou fè tou sa yo te moutre nou an.
11Se pou nou rann jijman an dapre regleman yo te moutre nou an, dapre jan yo menm yo te jije bagay la, san nou pa chanje anyen nan sa yo te di nou an.
12Men, Nonb 15.30; Det 10.8; Oze 4.4 si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
13Konsa tou, lè tout pèp la va konn sa, y'a pè, yo p'ap pran pòz grandizè yo ankò.
Regleman pou chwazi wa14Lè 1 Sam 8.5 n'a fin antre nan peyi Senyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladan l, si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fontyè nou yo,
15se 1 Sam 10.24; Jer 30.21 yon moun menm ras ak nou Senyè a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gendwa pran yon moun lòt nasyon ki pa menm ras avèk nou pou nou mete l wa sou nou.
16Men, Egz 13.17; Nonb 14.3,4; Det 28.68; 1 Wa 4.26; 10.28; Eza 2.7; Oze 11.5 wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l yo, paske Senyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.
17Wa a 1 Wa 10.14,21; 11.3,4 pa fèt pou l gen anpil madanm, paske sa ka fè l pèdi tèt li. Li pa fèt pou l gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l.
18Lè Det 31.9,26; 2 Wa 11.12; 22.8 wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre original ki nan men prèt fanmi Levi yo.
19Se Joz 1.8 pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l chak jou jouk li mouri, pou l ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye li a, pou l ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l ka fè tou sa yo mande l fè ladan l.
20Konsa, Det 4.40; 5.32 li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi okenn lòd nan sa Senyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.