Amòs 8 - 1998 Haitian Creole

Vizyon panyen fwi mi an

1Se konsa, Senyè a, Bondye a, fè m fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi.

2Senyè a Men Mi 3.6; Mat 24.29 pawòl Senyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen.

10M'ap Eza 3.24; Jer 6.26; Oze 2.11 fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.

11Men Sòm 74.9; Eza 8.20,21; Mi 3.7 yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesay ki sòti nan bouch Senyè a y'a anvi tande. Se Senyè a menm ki di sa.

12Lè Am 4.8 sa a, moun va pran kouri sòti nan no al nan sid, sòti nan lès al nan lwès. Y'a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Senyè a. Men, yo p'ap jwenn.

13Nan tan sa a, bèl jenn fi yo ak jenn gason yo va tonbe feblès paske yo p'ap jwenn sa y'ap pwonmennen chache a.

14Kanta 1 Wa 12.29,30; Oze 10.8; Tra 9.2 pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help