1Ala
Mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti.
Mwen anvi obeyi lalwa Senyè a129Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m.
130Esplikasyon Sòm 19.7 nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou.
Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
131Mwen Jòb 29.23; Sòm 42.1 rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann,
tèlman manvi konnen kòmandman ou yo.
132Vire Sòm 25.16 gade m non, gen pitye pou mwen,
tankou ou toujou fè l pou moun ki renmen ou yo!
133Soutni m Sòm 19.13 avèk pawòl ou pou m pa bite.
Pa kite mechanste gen pye sou mwen.
134Delivre mwen Lik 1.74 anba tout presyon
lèzòm ap bay
pou mwen ka mache dapre lòd ou bay.
135Se Sòm 4.6 sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m santi ou la avè m.
Moutre m sa ou vle m fè.
136Dlo Jer 9.1,18; 14.17 ap kouri nan je m tankou larivyè,
paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Lalwa Senyè a san patipri137Senyè, Esd 9.15; Sòm 116.5; Da 9.7 ou pa nan patipri.
Ou jije tout moun menm jan.
138Prensip Sòm 19.7-9 ou bay yo,
se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
139Tèlman Sòm 69.9 mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife
k'ap boule tout anndan mwen,
lè m wè jan moun ki pa vle wè m yo bliye pawòl ou yo.
140Pawòl Sòm 12.6 ou se pawòl sèten nèt.
Sèvitè ou gentan renmen li.
141Mwen pa anyen, y'ap meprize m.
Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
142Jistis Sòm 19.9; Jan 17.17 ou la pou tout tan,
lalwa ou se verite.
143Mwen Sòm 119.24 nan tray, kè m ap kase.
Men, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande m fè.
144Prensip Jòb 32.8 ou yo se bagay ki dwat pou tout tan.
Ban m bon konprann pou m ka viv.
Bondye, tanpri, delivre m145M'ap Sòm 119.2 rele nan pye ou ak tout kè mwen.
Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè.
146M'ap rele ou, sove m non, pou m ka mache dapre prensip ou yo!
147Solèy Sòm 5.3; 130.5 poko leve, m'ap rele mande sekou.
Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
148Lannwit Sòm 119.55 poko rive, mwen moute kabann mwen
pou m kalkile pawòl ou yo.
149Senyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè.
Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
150Moun ki sòti pou touye m yo pwoche bò kote m.
Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
151Men, Sòm 145.18 ou toupre m, Senyè.
Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
152Gen Sòm 119.89 lontan depi mwen konnen prensip ou yo.
Yo la pou tout tan.
Vin delivre m, Senyè153Gade Jòb 36.15 nan ki mizè mwen ye. Delivre m non,
paske mwen pa janm bliye lalwa ou!
154Defann 1 Sam 24.15; Mi 7.9 kòz mwen, delivre m.
Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
155Mechan Jòb 5.4 yo p'ap janm sove,
paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.
156Senyè, 2 Sam 24.14 ou pa manke gen kè sansib!
Ban m lavi ankò, jan ou te deside l la.
157Mwen Sòm 3.1,2 gen anpil moun ki pa vle wè m.
Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.
158Lè Jer 3.20 m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m degoutans,
paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.
159Gade jan m renmen lòd ou yo, Senyè!
Ban m lavi ankò, paske ou renmen m.
160Tou Sòm 139.17 sa ki nan pawòl ou se verite.
Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
Tout lavi m ap obeyi lalwa Senyè a161Yon 1 Sam 24.11 bann chèf ap pèsekite m san rezon,
men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.
162Pawòl Sòm 2.11; Eza 9.3; Jer 15.16 ou fè kè m kontan.
Se tankou si m te jwenn yon gwo richès.
163Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa.
Mwen renmen lalwa ou la anpil.
164Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi
pou jijman ou yo ki san patipri.
165Moun Sòm 37.11,37; Pwo 3.2; Eza 32.17; 1 Jan 2.10 ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze.
Pa gen anyen ki pou fè yo bite.
166M'ap Jen 49.18 tann ou vin delivre m, Senyè.
M'ap fè tou sa ou kòmande m fè.
167M'ap mache dapre prensip ou yo,
se pa ti renmen mwen renmen yo.
168M'ap Jòb 34.21; Sòm 139.3; Pwo 5.21 swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m fè,
paske ou konnen tout vire tounen m.
Bondye, m'ap mande ou sekou169Se Pwo 2.6; Jak 1.5 pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Senyè.
Jan ou te pwomèt la, ban m bon konprann.
170Se pou lapriyè m rive nan zòrèy ou.
Jan ou te pwomèt la, delivre m.
171Se Sòm 145.7 pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou,
paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè.
172Se pou m chante pou m fè konnen pawòl ou yo,
paske tout kòmandman ou yo dwat.
173Se Joz 24.22; Pwo 1.29; Lik 10.42 pou ou vin ede m ak fòs ponyèt ou,
paske mwen pran desizyon pou m swiv lòd ou yo!
174Ou Sòm 119.20,24 wè jan m'ap tann ou vin sove m!
Mwen jwenn tout plezi m nan lalwa ou.
175Ban m lavi pou m fè lwanj ou,
pou ou ka vin ede m, jan ou te deside l la.
176Mwen Eza 53.6; Mat 18.12; Lik 15.4; 1 Pyè 2.25 tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m,
paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.