1Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di:
Nou pèdi tou sa nou te genyen.
Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou.
Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.
5Konsa, lè lè a va rive, tout moun va sanble pou yo renmèt tè a bay pèp Bondye a. Ou p'ap jwenn pèsonn kanpe pou reklame yon pòsyon pou ou.
6Moun Nou menm, pitit Jakòb yo, Senyè a genlè pèdi pasyans ak nou? Eske nou kwè l'a fè tout bagay sa yo vre? Eske pawòl li se pa bon pawòl pou moun k'ap mache dwat yo?
8Senyè a 2 Kwo 28.8 reponn: nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou se lènmi yo. Moun ap mache kèpòpòz san okenn lide chache moun kont. Men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad sou po kò yo.
9Medam yo t'ap viv ak kè kontan lakay yo. Nou vini, nou mete yo deyò. Timoun yo t'ap jwi benediksyon mwen ba yo. Nou vini, nou wete tou sa nèt nan men yo.
10Leve Lev 18.25; Det 12.9; Eb 13.14 non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l nèt.
11Si Jer 5.13; Am 2.12 yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
12Men, 2 Wa 25.11; Jer 31.10; Mi 4.7 m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.
13Bondye 2 Wa 25.10; Eza 52.12; Mi 4.6-7 ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib sòti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Senyè a ki va mache alatèt yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.