Sòm 25 - 1998 Haitian Creole

SÒM 25 (24)Mande Bondye dirije nou(1a) Se Sòm 143.8; Lam 3.41 yon sòm David.

1(1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou.

Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

2Piga Sòm 25.20; 31.1; 71.1 ou fè m wont,

pa kite lènmi yo pase m nan betiz.

3Wi, Eza 49.23; Jer 3.20; Wòm 10.11 moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont.

Men, moun ka sòti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.

4Senyè, Egz 33.13; Sòm 27.11 fè m konnen jan ou vle m viv la!

Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a!

5Moutre m Sòm 86.11 sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la,

paske se ou menm ki delivrans mwen.

Se sou ou mwen konte tout jounen.

6Senyè, Jen 9.15; 19.29; Sòm 51.1 chonje jan ou gen kè sansib,

chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.

7Pa Jòb 13.26; Jer 3.25 chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn.

Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè,

tanpri, pa bliye m!

8Senyè a Sòm 32.8; 100.5 bon, li pa nan patipri,

li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.

9Li pran men moun ki soumèt devan l yo,

li fè yo mache nan bon chemen an,

li moutre yo jan li vle pou yo viv la.

10Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a,

moun ki obeyi kòmandman l yo,

li fè yo wè jan li renmen yo,

jan li p'ap janm lage yo.

11Senyè, Sòm 31.3; 79.9; Wòm 5.20 poutèt non ou pote a,

padonnen peche m yo, paske yo anpil.

12Si Sòm 32.8 yon moun gen krentif pou Senyè a,

Senyè a va moutre l chemen pou l pran.

13L'ap Sòm 37.9; 112.2; Pwo 1.33 toujou gen kè kontan.

Pitit li yo va pran peyi a pou yo.

14Senyè a, Jòb 29.4; Am 3.7 se zanmi moun ki gen krentif pou li.

Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.

15Se Sòm 31.4; 123.1,2 sou Senyè a m'ap gade tout tan,

l'ap delivre m lè m nan move pa.

16Senyè, Sòm 86.16 vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen,

paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.

17Pa kite m ak kè sere sa a.

Wete m nan tray m'ap pase a.

18Gade nan ki mizè mwen ye!

Gade jan m'ap soufri!

Padonnen tout peche m yo.

19Gade tout kantite lènmi mwen genyen!

Gade jan yo rayi m, jan y'ap pousib mwen.

20Pwoteje m Sòm 25.2 non! Delivre m non!

Piga ou fè m wont,

paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon,

se anba zèl ou mwen vin kache.

21Fè m viv yon jan ki san repwòch.

Fè m mache dwat pou ou ka pwoteje m,

paske tout espwa mwen se nan ou li ye.

22O 2 Sam 4.9; Sòm 34.22; 130.8 Bondye, delivre pèp Izrayèl la

anba tray l'ap pase yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help