Revelasyon 13 - 1998 Haitian Creole

De bèt yo

1Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap sòti Rev 11.7; 17.3,9,12; Da 7.7 nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye.

2Bèt Da 7.4-6; Rev 12.3 mwen te wè a te sanble ak yon leyopa, tankou yon barak chat takte jòn takte nwa. Pat li te tankou pat lous. Bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li. Li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a.

3Yonn Rev 17.8 nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men, blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la.

4Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di:

— Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?

5Bèt Da 7.8,11,25; Rev 11.2; 12.6,14 la te resevwa pouvwa pou l te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l pouvwa fè sa l vle pandan karannde mwa.

6Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan syèl la.

7Yo Rev 11.7; Da 7.21 ba l pouvwa pou l fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l te genyen batay la. Yo ba l pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon.

8Tout Da 12.1; Sòm 69.28; Eza 53.7; Rev 12.12; 3.5; 17.8 moun sou latè pral adore l, sa vle di tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a.

9Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande!

10Moun Jer 15.2; Mat 26.52; Rev 14.12 ki la pou al nan prizon pral nan prizon. Moun ki la pou mouri anba kout nepe pral mouri anba kout nepe. Se poutèt sa, se pou moun Bondye yo gen anpil pasyans ak konfyans nan Bondye.

11Apre Rev 16.13; Mat 7.15 sa, mwen wè yon lòt bèt ki sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon.

12Li pran tout pouvwa premye bèt la pou l te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premye bèt ki te blese amò men ki te geri a.

13Dezyèm Mat 24.24; 2 Tes 2.9,10; 1 Wa 18.24-39 bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife sòti nan syèl la desann sou latè devan tout moun.

14Moun Det 13.2-4; Rev 19.20 ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l dwa fè devan je premye bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an.

15Dezyèm Da 3.5,6 bèt la resevwa pouvwa pou l te fè estati premye bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li.

16Bèt Rev 19.20 la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo.

17Pèsonn pat kapab ni achte ni vann anyen si li pat gen mak sa a, sa vle di si l pat gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l lan.

18Bagay Rev 17.9; 15.2; 1 Wa 10.14; Esd 2.13 sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help