Sòm 38 - 1998 Haitian Creole

SÒM 38 (37)Lapriyè pou mande padon(1) Se Sòm 6.1 yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou.

1(2) Senyè, Jòb 6.4; Sòm 32.4 pa pini m lè ou fache!

Pa kale m lè ou an kòlè!

2(3) Ou Sòm 31.10; Eza 1.6 bat mwen jouk ou blese m.

Ou kale m byen kale.

3(4) Ou Esd 9.6 te fache anpil,

se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m ki pa malad.

Mwen te peche,

se sa ki fè tout zo nan kò m ap fè m mal.

4(5) Peche m yo fè pil, yo kouvri tèt mwen.

Y'ap kraze m tankou yon chay ki twò lou pou mwen.

5(6) Maleng Sòm 35.14; Eza 21.3 mwen yo santi, y'ap koule

paske mwen te viv tankou moun fou.

6(7) Mwen Sòm 38.3 kagou, ren m kase nèt.

Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.

7(8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen.

Mwen santi mwen malad nan tout kò m

8(9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m kraze.

Kè m sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.

9(10) Senyè, Sòm 6.7 ou konnen tou sa mwen ta renmen.

Ou wè jan m'ap soufri.

10(11) Kè m Sòm 88.18; Mak 15.40; Lik 10.31,32 ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò!

Ata je m, mwen pa ka louvri yo!

11(12) Tout 2 Sam 16.7,8; 17.1-3; Sòm 35.20; Mak 12.13 zanmi m, tout vwazinay kanpe lwen mwen,

tout fanmi m rete lwen mwen poutèt maleng mwen an.

12(13) Moun Sòm 39.2,9; Eza 53.7; 1 Pyè 2.23 ki ta renmen wè m mouri yo

tann pèlen pou mwen.

Moun ki ta renmen wè malè rive m yo

ap plede di yon bann move pawòl sou mwen.

Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.

13(14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè,

mwen pa tande.

Mwen tankou yon moun ki bèbè,

mwen pa pale.

14(15) Wi, 2 Sam 16.12; Sòm 39.7 mwen pa louvri bouch mwen reponn yo

paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.

15(16) Senyè, Sòm 13.4 se nan ou mwen mete tout konfyans mwen,

se ou menm ki va reponn pou mwen,

o Senyè, Bondye mwen.

16(17) Paske, Jer 20.10 mwen di nan kè m:

— Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen,

pa kite yo moute sou mwen

si pye m chape.

17(18) Mwen Sòm 32.5; 2 Kor 7.9,10 prèt pou m tonbe.

Doulè a pi rèd sou mwen.

18(19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè.

Kè m sere lè m wè sa m fè.

19(20) Lènmi m Sòm 35.12; 109.4 yo grannèg, yo anpil.

Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m.

20(21) Moun Sòm 22.11 sa yo rann mwen mal pou byen,

yo leve kont mwen,

paske m'ap chache fè byen.

21(22) Pa Egz 15.2; Sòm 40.13; Eza 12.2 lage m Senyè!

Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!

22(23) Prese vin pote m sekou,

Senyè, ou menm ki delivrans mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help