Jidit 1 - 1998 Haitian Creole

Wa Nebikadneza bat wa Afaksad

1Ala se te Nebikadneza ki te wa peyi Lasiri. Li te gen douzan depi li t'ap gouvènen nan gwo lavil Niniv la. Lè sa a, se Afaksad ki te wa peyi Medi. Li menm li te rete lavil Ekbatana.

2Se Afaksad sa a ki te fè bati yon gwo miray ranpa ak wòch taye fè wonn lavil Ekbatana a. Miray la te gen sansenkant (150) pye wòtè sou swasannkenz pye lajè. Chak wòch te gen kat pye edmi lajè sou nèf pye longè.

3Nan chak pòtay lavil la, li bati yon gwo fò won ki te gen sansenkant (150) pye wòtè, epi ki te chita sou yon fondasyon ki te gen katrevendis pye lajè.

4Chak pòtay te gen sansenk (105) pye wòtè sou swasant pye lajè, kifè lame sòlda li yo te ka pase sòti, rejiman sòlda apye l yo te ka defile alèz.

5Nan tan sa a, wa Nebikadneza leve, l'al fè lagè ak wa Afaksad nan gwo plenn ki nan kanton lavil Ragaou a.

6Moun sòti toupatou vin mete tèt yo ansanm avè l. Te gen tout moun ki rete nan mòn yo, tout moun ki rete bò larivyè Lefrat, bò larivyè Tig, bò larivyè Idasp, tout moun ki rete nan plenn kote Aryòch, wa peyi Elam lan, t'ap gouvènen an. Se konsa anpil nasyon te sanble pou y'al goumen ansanm ak moun Keleyoud yo.

7Lè sa a, Nebikadneza, wa peyi Lasiri a, voye mesaje bay tout moun ki rete nan peyi Pès la, ak tout moun ki rete sou bò solèy kouche, nan zòn Silisi, nan zòn Damas, nan zòn Liban, nan zòn Antiliban, bay tout moun ki rete bò gwo lanmè a,

8bay moun ki rete nan peyi Kamèl ak nan peyi Galarad, nan zòn anwo Galile ak nan gwo plenn Esdrelon an.

9Li voye mesaje li yo tou bay moun ki rete nan peyi Samari ak nan lavil li yo, travèse lòt bò larivyè Jouden, desann lavil Jerizalèm, lavil Batane, lavil Kelwa, lavil Kadès, tout bò larivyè Lejip la, lavil Tapanès, lavil Ranmsès ak nan tout zòn Gochenn lan,

10rive lòt bò lavil Tanis ak Nenmfis, bay tout moun ki rete nan peyi Lejip rive sou fontyè li ak peyi Letyopi.

11Men, moun nan tout zòn sa yo pat okipe mesay Nebikadneza, wa peyi Lasiri a, te voye ba yo a, yo rete lakay yo, yo derefize al mete tèt yo ansanm avè l pou fè lagè a, paske yo pat pè li. Yo te pran l pou yon moun ki pou kont li san moun dèyè l. Yo voye mesaje yo tounen ba li ak de men de pye yo, byen wont.

12Nebikadneza fè yon sèl kòlè sou tout peyi sa yo, li fè sèman: li te mèt pèdi fòtèy kote l chita a ansanm ak tout peyi l'ap gouvènen yo, sèten l'ap tire revanj li sou tout zòn Silisi a, zòn Damas la ak zòn Siri a, l'ap touye ak nepe li tout moun ki rete nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Jide ak nan peyi Lejip, jouk kote de lanmè yo kontre a.

13Nan disetyèm lanne reny li, wa Nebikadneza avèk lame li a leve al fè lagè ak wa Afaksad. Li bat li byen bat, li fè tout lame Afaksad la ansanm ak tout sòlda kavalye l yo ak tout cha lagè l yo kouri vole gagè.

14Se konsa, li pran tout lavil yo, li rive jouk lavil Ekbatana, li pran gwo fò won li yo, li piye tout plas piblik li yo. Yon lavil ki te sitèlman bèl, li fè l tounen yon lawont.

15Li rapousib Afaksad nan mòn Ragaou yo, li pèse l pak an pak ak frenn li yo. Li disparèt li nèt.

16Apre sa, li tounen lavil Niniv ak lame li a ansanm ak tout moun ki te avè l yo, yon foul gason brave danje ki te vanyan nan fè lagè. Li rete la pou li pran repo, pou li pran plezi l, li menm ansanm ak tout lame li a pandan sanven (120) jou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help