1Yon moun ki parese, se tankou yon boul poupou bèt li ye.
Tout moun ap rele chalbari dèyè l.
2Yon moun ki parese, se tankou yon ponyen fatra.
Depi yon moun manyen l, l'ap sal men li.
Timoun maledve3Se yon wont pou yon papa mete yon pitit gason maledve sou tè a.
Si se yon pitit fi menm, l'ap pi wont toujou.
4Yon fi ki gen konprann, se yon richès pou mari li.
Men, yon fi ki san wont, se yon chagren pou papa l ki fè l la.
5Yon fi ki gen je chèch, se yon dezonè ni pou papa l, ni pou manman l.
Ni yonn ni lòt ap renye l.
6Lè w'ap rale zòrèy timoun yo move lè, se tankou chante w'ap chante nan zòrèy moun ki nan lapenn.
Yon ti kal, yon ti pinisyon tanzantan, sa se bon levasyon.
9Moutre yon moun sòt se menm bagay ak moun k'ap kole yon veso ki kase an miyèt mòso.
Se tankou si w'ap seye leve nan dòmi yon moun ki bouke anpil.
10Esplike yon bagay bay yon moun sòt, se tankou si w'ap esplike yon bagay bay yon moun k'ap dòmi.
Lè w'a fini, la mande ou: Kisa ou t'ap di ankò?
11Nou kriye pou moun mouri paske yo p'ap wè limyè ankò.
Konsa tou, nou kriye pou moun sòt paske yo pèdi lespri yo.
Pou di vre, nou mèt kriye tou dousman pou mò yo paske yo jwenn repo.
Men, kriye pi fò pou moun sòt yo paske lavi y'ap mennen an pi mal pase lanmò.
13Pa rete ap pale anpil ak yon moun sòt, ni pa fè wout ansanm ak yon egare.
Egzante moun konsa pou ou pa nan ka.
Pa pran kontak ak yo pou ou pa kontaminen. Rete lwen yo, konsa w'a jwenn repo.
Yo p'ap anbete ou ak vye radòt chèch yo.
14Kisa ki pi lou pase plon?
Se moun yo rele moun sòt la.
15Li pi fasil pou ou pote sab, osinon sèl, osinon yon mas fè,
pase pou ou sipòte yon moun sòt.
16Lè ou moute yon bon chapant bwa pou fè kay, yon tranblemanntè pa ka kraze l fasil.
Konsa tou, yon moun ki konn sa li vle, ki kalkile byen kalkile sa l gen pou l fè,
lè malè tonbe sou li li p'ap brannen nan konviksyon li.
17Yon desizyon ou rive pran apre bon jan kalkil
solid tankou yon panno ou randwi ak bon siman.
18Ti wòch yo anpile sou tèt miray p'ap rete la lè gwo van ap soufle.
Konsa tou, yon moun ki kite lide nan tèt li kraponnen l,
li p'ap ka kenbe lè la devan sitirasyon k'ap fè l pè tout bon.
Zanmitay19Lè ou frape je ou, li koule dlo.
Si ou blese yon moun nan kè l, w'ap konn santiman li gen ladan l.
20Lè ou voye wòch dèyè zwazo, ou fawouche yo.
Si ou joure yon zanmi ou, li p'ap zanmi ou ankò.
21Ou te mèt rale nepe ou sou yon zanmi ou,
pa dekouraje, li ka tounen ankò.
22Si ou gen gwo kont ak yon zanmi ou,
pa pè. Nou ka toujou vin byen ankò.
Men, si ou joure l, si ou meprize l, si ou mete ti sekrè l deyò, si ou pote l yon move kou an trèt,
ou mèt bliye sa! Ou pa gen zanmi ankò.
23Si ou antre nan konfyans yon frè parèy ou ki pòv,
lè zafè l va mache, w'a jwi nan byen l yo avè l.
Lè li nan tray, kenbe la avè l
pou lè zafè l va vin bon, la separe avè ou, la ba ou pa ou ladan l.
24Lafimen ak gwo vapè parèt nan dife anvan li fè flanm.
Se konsa joure vin anvan san koule.
25Mwen p'ap janm wont pwoteje yon zanmi,
ni mwen p'ap janm kouri pou li lè li bezwen mwen.
26Konsa, si li fè malè rive m,
tout moun ki konn sa va pran distans yo avè l.
Veye sou tou sa wap di27Ki moun ki va mete yon gad nan bouch mwen?
Ki moun ki va mete yon sò sou po bouch mwen pou m pa pale mal,
pou pawòl nan bouch mwen pa fè m bite,
pou lang mwen pa lakòz yo fini avè m?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.