Matye 12 - 1998 Haitian Creole

Kèsyon jou repo a(Mak 2.23-28; Lik 6.1-5)

1Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase bò yon Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.

32Moun Lik 12.10; 1 Tim 1.13 ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni kounyeya, ni nan tan k'ap vini apre sa a.

Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou kalite donn li(Lik 6.43-45)

33— Si Mat 7.17 pyebwa a bon, l'ap bay bon fwi. Si pyebwa a pa bon, l'ap bay move fwi. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou kalite fwi li bay.

34Bann Mat 3.7; Jan 8.43; 12.39; Wòm 8.7 vèmin! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka sòti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki sòti nan bouch li.

35Yon Lik 6.45 nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale sòti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale sòti nan tou sa li genyen ki move yo.

36M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pat bezwen di.

37Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.

Farizyen ak dirèktè lalwa yo ap mande mirak(Mak 8.11-12; Lik 11.29-32)

38Lè Mat 16.1; 1 Kor 1.22 sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi:

— Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.

39Jezi reponn yo:

— Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la.

40Menm Jo 1.17 jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.

41Jou Jo 3.5 jijman an, moun lavil Niniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesay li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.

42Jou 1 Wa 10.1-10 jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.

Lè yon move reprann plas li(Lik 11.24-26)

43— Lè yon move lespri sòti sou yon moun, l'al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Men, li pa jwenn.

44Lè sa a, li di nan kè l: M'ap tounen lakay mwen, kote m sòti a. Lè l rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje.

45Lè 2 Pyè 2.20 konsa, l ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l, lespri yo vin ansanm avè l, yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo.

Manman Jezi ak frè l yo(Mak 3.31-35; Lik 8.19-21)

46Jezi Mak 3.31-35; Lik 8.19-21 t'ap Mat 13.55 pale ak foul moun yo toujou lè manman l ak frè l yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l.

47Se konsa yon moun di Jezi:

— Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.

48Men Lik 2.49 Jezi reponn moun ki te di l sa a:

— Kilès ki manman m? Kilès ki frè m?

49Lè sa a, li lonje men l sou disip li yo, li di:

— Gade non: men manman m ak frè m yo.

50Tout Wòm 8.29; Jan 15.14 moun ki fè sa Papa m ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman m.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help