Chirasid 28 - 1998 Haitian Creole

1Moun ki pran revanj yo sou moun, Granmèt la ap pran revanj li sou yo,

paske li make dènye sa moun fè ki mal.

2Padonnen frè parèy ou sa li fè ou ki mal.

Konsa lè w'a lapriyè, Bondye va padonnen peche pa ou yo tou.

3Lè yon moun kenbe yon moun nan kè li,

kouman ou ta vle pou Bondye padonnen l li menm?

4Li san pitye pou yon moun parèy li.

Atò pou l ta lapriyè pou Bondye padonnen fòt li yo?

5Si li menm ki moun ase kenbe moun nan kè li,

ki moun ki va padonnen peche li fè yo?

6Chonje jan ou gen pou fini. Sispann rayi moun.

Chonje ou gen pou ou mouri, ou gen pou ou pouri anba tè.

Viv dapre kòmandman Bondye yo.

7Chonje kontra Bondye anwo nan syèl la pase avè ou la.

Pa gade sou sa yo fè ou ki mal.

Pa chache moun kont

8Pa nan kont ak moun, w'a evite anpil peche.

Moun ki gen san wo toujou ap pouse dife.

9Mechan an mete divizyon nan mitan bon zanmi.

L'ap pouse ti dife boule nan mitan moun k'ap viv byen yonn ak lòt.

10Plis gen bwa, plis dife a cho.

Plis gen tèt di, plis kont lan gaye.

Plis yon moun gen fòs, plis li move.

Plis yon moun rich, plis li fè gwo kòlè.

11Yon ti kont chofe dife jouk li mennen batay.

Yon pawòl ki chape ka mete san deyò.

12Si ou soufle sou chabon dife, l'ap fè flanm.

Si ou krache sou li, l'ap mouri.

Se ak bouch ou ou fè ni yonn ni lòt.

Move lang

13Madichon pou bouch alèlè ak mantò!

Yo lakòz anpil moun ki t'ap viv byen fini mal.

14Move lang fini ak anpil moun.

Li fè yo kouri sot yon kote ale yon lòt kote san rete.

Li lakòz anpil gwo lavil kraze, anpil gwo fanmi tounen anyen.

15Malpalan fè mari kite ak bonjan fanm.

Lè konsa medanm yo pèdi tou sa yo te travay fè.

16Depi yon moun ap koute sa malpalan ap di, pa gen repo pou li.

Li pa ka viv ak kè poze ankò.

17Yon kout fwèt kite mak li sou po ou.

Yon kout lang, se kraze li kraze zo ou.

18Nepe touye anpil moun.

Men, lang touye plis moun pase li.

19Benediksyon pou moun ki pa pase anba malpalan, pou moun ki pa viktim lang alèlè,

pou moun ki pa pote gwo jouk lou li dèyè kou l, pou moun ki pa santi chenn li yo mare l!

20Paske jouk li se yon bout fè,

chenn li yo solid pase bwonz.

21Moun ki viktim move lang soufri anpil anvan yo mouri.

Pou di vre, pito yo te tou mouri mouri yo.

22Men, moun k'ap sèvi Bondye, move lang pa ka fè yo anyen.

Flanm li yo pa ka boule yo.

23Se moun ki vire do bay Granmèt la ki viktim yo.

Depi dife move lang pran sou yo, anyen pa ka tenyen l.

L'ap vare sou yo tankou yon lyon.

Tankou yon pantè, l'ap devore yo.

24Ou konnen pou ou mete yon lantouray pikan pou fèmen jaden ou.

Ou konnen pou ou sere ajan ak lò ou.

25Menm jan an tou, peze pawòl ou, vire lang ou nan bouch ou sèt fwa anvan ou pale.

Mete yon pòt ak kadna nan bouch ou.

26Veye bouch ou pou ou pa bite,

pou ou pa tonbe anba men moun ki gwòs ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help