Sòm 116 - 1998 Haitian Creole

SÒM 116 (114-115)Bondye delivre m anba lanmò

1Mwen Sòm 18.1; 66.19 renmen Senyè a, paske li tande mwen,

li koute lapriyè mwen.

2Li te panche zòrèy li bò kote m

chak fwa mwen rele l.

3Lanmò Sòm 18.4,5 te fin vlope m.

Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou.

Kè m te kase, mwen te nan gwo lapenn.

4Lè m Sòm 18.6; 118.5 wè sa, mwen rele Senyè a. Mwen di li:

— Tanpri, Senyè, delivre m non!

5Senyè a Esd 9.15; Ney 9.8; Sòm 11.7; 86.15; Jer 12.1; Rev 16.5 gen kè sansib, li pa gen patipri.

Bondye nou an gen bon kè.

6Senyè a Sòm 142.6 pwoteje moun ki san sekou.

Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.

7Mwen Sòm 13.6; Jer 6.16; Mat 11.29 mèt rete kè poze,

paske Senyè a te bon pou mwen.

8Senyè, Sòm 56.13 ou delivre m anba lanmò.

Ou fè m sispann kriye.

Ou pa kite m bite.

9Se konsa m'a mache devan Senyè a,

nan peyi moun vivan yo.

10Mwen 2 Kor 4.13 te kenbe konfyans mwen fèm nan Senyè a, menm lè m t'ap di:

— Malè pa manke tonbe sou mwen!

11menm Sòm 31.22; 62.9; Jer 9.5; Wòm 3.4 nan tèt chaje mwen te ye a, lè m t'ap di:

— Ou pa ka fè pèsonn konfyans!

12Kisa m'a fè pou Senyè a,

pou tout byen li fè pou mwen yo?

13M'a Sòm 16.5; 105.1 ofri yon bwason bay Senyè a, paske li delivre m.

M'a rele l pou m di l mèsi.

14Nan Sòm 50.14; Jo 2.9 mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini,

m'a fè sa m te pwomèt li a.

15Sa Sòm 72.14 fè Senyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l yo mouri!

16Senyè, Sòm 86.16; 119.125 mwen se yonn nan sèvitè ou yo.

Mwen se pitit manman m ki te toujou sèvi ou.

Se ou ki te kase kòd ki te mare m yo.

17M'ap ofri bèt pou yo touye bay Senyè a,

m'ap rele l pou m di l mèsi.

18-19Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini,

nan mitan kay li a,

nan mitan lavil Jerizalèm

m'a fè sa m te pwomèt li a.

Lwanj pou Senyè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help