Jij 5 - 1998 Haitian Creole

Kantik Debora ak Barak

1Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason

dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo.

Kòmandan lame yo desann sòti Maki,

jeneral yo sòti nan peyi Zabilon.

15Chèf Jij 4.14 branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora.

Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou.

Yo swiv li nan tout plenn lan.

Men, moun branch fanmi Riben yo te divize.

Yo pat ka deside pou yo vini.

16Poukisa yo rete dèyè ak mouton yo?

Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo?

Wi, moun Riben yo te anbalan.

Yo pa te ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini!

17Moun Joz 13.24-28 Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an.

Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo.

Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a,

yo rete sou tout rivay yo.

18Men, Jij 4.10 moun Zabilon yo ak moun Neftali yo

al brave danje kote batay la ye a.

19Wa Joz 17.11; Jij 1.27; 2 Wa 23.29,30 yo vini, yo kwaze fè

bò Tanak, toupre sous dlo Megido a.

Wa peyi Kanaran yo goumen,

men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale!

Pa menm yon ti moso ajan!

20Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen.

Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sizera.

21Dlo Jij 4.7 ravin Kichon an desann pote yo ale.

Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa.

M'ap mache pran yo, je m byen kale!

22Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale.

Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.

23Zanj Jij 21.9,10 Senyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz!

Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la.

Yo pat vin ede Senyè a,

yo pat voye sòlda goumen pou li.

24Nan Jij 4.17; Lik 1.42 tout fanm ki sou latè,

Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil.

Wi, Jayèl, madanm Ebè, moun fanmi Kenit,

Nan tout fanm ki sou latè,

Se yon fanm Bondye beni anpil.

25Sizera Jij 4.19 mande l dlo, li ba li lèt.

Li ba l yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen.

26Li Jij 4.21 pran yon pikèt tant nan men gòch li,

yon mato travayè nan men dwat li.

Li frape Sizera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li.

Li pèse tanp li, li touye l.

27Sizera tonbe sou jenou, li woule atè,

epi li mouri nan pye Jayèl.

Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo,

li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt.

28Manman Sizera ap gade nan fennèt la.

L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande:

— Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a?

Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini?

29Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li.

Li menm tou, li t'ap repete nan kè l:

30— Kounyeya yo Egz 15.9; Sòm 68.12 dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo!

Yon fi, de fi pou chak sòlda,

bèl twal koulè byen bwode pou Sizera,

yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l mete nan kou l.

31Wi, Nonb 10.35; Jij 3.11; Sòm 19.5; 68.1,2; 83.9,10; Da 12.3; Mat 13.43 Senyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri.

Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi.

Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help