Lik 8 - 1998 Haitian Creole

Fanm ki t'ap mache avèk Jezi yo

1Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak san yo yonn pat kapab geri li.

44Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete.

45Jezi mande:

— Ki moun ki manyen m lan?

Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li:

— Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan.

46Men, Jezi reponn li:

— Mwen di ou gen yon moun ki manyen m, paske mwen santi yon fòs sòti sou mwen.

47Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l, li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l, ki jan li te geri menm lè a tou.

48Jezi Lik 7.50 di li:

— Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze.

49Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm sòti lakay chèf sinagòg la vin di li:

— Tifi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje mèt la pase sa.

50Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa:

— Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri.

51Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la.

52Tout Lik 7.13 moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo:

— Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi.

53Lè sa a, yo tonbe pase l nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri.

54Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa:

— Tifi, leve.

55Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l manje.

56Papa Lik 5.14; Mak 7.36 ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pèsonn sa k te pase.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help