1Apre Samyèl vini Natan,
ki te bay mesay Bondye yo nan tan David.
David2Menm jan yo wete grès la (ki vle di: pòsyon ki pi bon nan vyann lan) nan bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, epi yo mete l apa pou Bondye,
se konsa Bondye te chwazi David nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo.
3Pou David, yon lyon pa te plis pase yon ti kabrit,
yon lous pa te plis pase yon ti mouton.
4Jenngason, li touye yon potorik gason bèl wòtè,
li wete lawont ki te sou pèp la.
5Li lapriyè nan pye Granmèt ki anwo nan syèl la,
Granmèt la ba li fòs nan ponyèt
pou l te touye yon vanyan sòlda ki te grannèg anpil.
Konsa, li fè yo respekte pouvwa pèp Izrayèl la.
6Se poutèt sa pèp la fè lwanj pou li dèske li te touye dimil (10.000).
Lè yo t'ap mete kouwòn wa a sou tèt li, yo fè lwanj pou li pou jan Granmèt la te beni l.
7Li detwi tout lènmi ki te bò kote l yo.
Li disparèt moun Filisti yo ki pa te vle wè l,
li kraze pouvwa yo nèt pou tout tan.
8Nan tou sa li te fè, li di Bondye ki apa a,
Bondye ki anwo nan syèl la mèsi, li fè lwanj pou li.
Li chante ak tout kè li,
li fè wè jan li renmen Bondye ki kreye l la.
9Se li ki mete mizisyen ap jwe gita devan lotèl la,
kote yo t'ap fè mizik pou fè chante yo pi dous.
10Li bay jan pou yo fè fèt yo bèl.
Pou sèvis yo menm, li bay regleman jan pou sa fèt san mank.
Konsa, yo t'ap fè lwanj non Granmèt la.
Depi nan maten, yo t'ap chante nan Tanp lan.
11Granmèt la efase peche l yo.
Li fè pouvwa li kanpe pou tout tan.
Li pase avè l yon kontra, pou nan fanmi l va toujou gen yon wa chita sou bèl fòtèy la,
pou dirije pèp Izrayèl la.
Salomon12Apre David, se yon pitit gason l ki pran plas li.
Li te gen anpil konprann. Gremesi David li t'ap viv alèz.
13Sou reny Salomon pa te gen lagè.
Bondye ba li lapè ak tout moun bò kote l yo,
pou l te ka gentan bati yon kay pou Bondye,
pou l te ka pare yon kote apa pou Bondye rete pou tout tan.
14Jenn gason, gade jan ou te gen bon konprann!
Ou te gen anpil lespri tankou dlo nan gwo larivyè Nil lan lè lap desann!
15Toupatou sou latè yo te konnen jan ou fò.
Yo t'ap repete pwovèb ak pawòl daki ou yo.
16Jouk nan lizyè byen lwen, yo t'ap nonmen non ou.
Yo te renmen ou paske ou t'ap viv ak kè poze ak tout moun.
17Toupatou sou latè moun te egare devan ou
pou chante ou yo, pou pwovèb ou yo, pawoli ou yo ak esplikasyon ou bay yo.
18Nan non Bondye Granmèt la, sila yo rele Bondye pèp Izrayèl la,
ou ranmase lò tankou si se te fèblan, ou anpile ajan tankou si se te plon.
19Men, ou lage kò ou nan fanm.
Ou kite plezi lachè fè ou tounen esklav yo.
20Ou gate repitasyon ou, ou avili ras ou,
jouk ou fè kòlè Bondye tonbe sou pitit ou yo.
Ou lakòz lafliksyon tonbe sou rès fanmi ou lan.
21Peyi a separe fè de kan.
Yon chèf revòlte nan peyi Efrayim, li fè tèt li wa.
22Men, Bondye p'ap janm sispann gen pitye, l'ap toujou kenbe pwomès li yo.
Li p'ap derefize bay moun li te chwazi a pitit ak pitit pitit san rete.
Li p'ap detwi ras moun ki te renmen l lan.
Se konsa li kite yon ti ponyen nan ras moun Jakòb yo,
li kite yon ti gouman pouse sou chouk David la.
Woboram23Se konsa, apre Salomon al poze kò l ansanm ak zansèt li yo,
li kite yonn nan pitit li yo pou gouvènen nan plas li.
Woboram sa a te san konprann. Pa te gen pi fou pase l.
Se li ki pouse pèp la revòlte ak jan li t'ap dirije peyi a.
Jewoboram24Te gen tou Jewoboram, pitit Nebat la.
Se li menm ki lakòz pèp Izrayèl la tonbe nan peche.
Se li menm ki te moutre moun Efrayim yo chemen pou fè sa ki mal la.
Pèp la te sitèlman lage kò l nan fè peche,
sa te lakòz Bondye te depòte yo byen lwen peyi yo a.
25Yo chache fè tout kalite mechanste,
jouk jou Bondye vin pini yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.