1Konsa, nou menm wa yo, koute sa m'ap di nou la a, lèfini manyè konprann!
Nou menm k'ap gouvènen toupatou sou latè, vin pran leson.
2Pare zòrèy nou koute, nou tout chèf k'ap dirije sou anpil peyi,
nou tout k'ap gonfle lestonmak nou dèske nou gen anpil moun anba zòd nou!
3Paske, konnen se Granmèt la ki ban nou otorite.
Se Bondye ki anwo nan syèl la ki ban nou pouvwa,
se li menm ki pral egzaminen travay nou,
ki pral sonde lide nou gen nan tèt nou.
Bon Konprann4Se sèvi n'ap sèvi Bondye ki wa a nan gouvènman li.
Si nou pa fè travay chèf nou jan pou nou fè l la,
si nou pa respekte lalwa Bondye a,
si nou pa fè sa Bondye vle nou fè a,
5anvan nou bat je nou, l'ap fonse sou nou byen move.
Gen yon jijman san pran priyè k'ap tann moun ki chèf yo.
6Y'ap gen pitye pou piti yo, y'ap padonnen yo.
Men moun ki grannèg yo, yo p'ap kite anyen pase pou yo.
7Paske, Granmèt ki chèf yo tout la p'ap pè pèsonn.
Li p'ap kite pozisyon chèf yon moun kraponnen l.
Se li menm ki fè yo tout, ni grannèg ni piti.
Li okipe yo tout menm jan an tou.
8Men, li p'ap kite anyen pase pou moun ki chèf yo.
9Se pou nou menm, gwo wa latè yo, m'ap pale,
pou nou ka fè travay nou ak bon konprann,
pou nou pa manke sou devwa nou.
10Chèf ki fè sa Bondye vle paske yo vle sèvi Bondye,
tout moun ap rekonèt se sèvitè Bondye yo ye.
Si chèf yo aprann leson yo byen,
y'a ka fè defans tèt yo nan tribinal la.
11Se poutèt sa, anvi konnen sa m'ap di la a.
Chache genyen yo ak tout kè nou pou nou sa gen konesans.
Bon Konprann gen anpil valè12Bon Konprann klere tankou limyè.
Klète li p'ap janm bese.
Depi yon moun renmen li, l'ap fasil wè l.
Depi yon moun anvi l, l'ap jwenn li.
13Anvan yon moun anvi l, li gentan pran devan pou l fè moun lan konnen l.
14Si yon moun leve bonè pou al chache l, li p'ap bat kò l anpil.
L'ap jwenn li chita nan papòt kay li.
15Si ou rete ap kalkile sou Bon Konprann,
w'ap gen lespri kont kò ou.
Si ou pase nwit blanch ap chache l,
talè konsa ou p'ap gen pwoblèm menm pou chaje tèt ou.
16Paske l'ap mache toupatou ap chache moun ki merite l.
Li vin kontre yo sou wout yo, li louvri de bra l ba yo.
Nan tout kalkil y'ap fè, li gentan la avèk yo.
17Ou konmanse gen Bon Konprann lè ou anvi tout bon pou ou kite l ba ou konesans.
Lè ou sòti pou ou gen konesans, sa vle di se renmen ou renmen l.
18Si ou renmen l, sa vle di w'ap fè tou sa li mande ou fè.
Si ou sòti pou fè tou sa li mande ou fè, sa vle di ou sèten ou p'ap janm mouri.
19Si ou p'ap janm mouri, sa vle di w'ap viv toupre ak Bondye.
20Konsa, si ou anvi gen Bon Konprann,
w'ap tou pare pou ou chita nan menm pozisyon ak wa yo.
21Se poutèt sa, nou menm k'ap dirije pèp yo, si nou kontan chita nan pozisyon chèf nou ak baton kòmandman an nan men nou,
se pou nou gen respè pou Bon Konprann,
konsa n'a ka fè travay chèf nou pou tout tan.
Kisa Bon Konprann lan ye22M'a pral fè nou konnen sa Bon Konprann lan ye ak jan li te rive fèt.
M p'ap kache nou anyen sou li. M'a pral rakonte nou istwa l depi nan premye konmansman l lan.
M pral mete konesans li aklè devan je nou.
M p'ap chankre sou chemen verite a.
23Non. M p'ap fè tankou moun k'ap anvi konesans lan pou yo kenbe l pou yo ase.
Kalite anvi konnen sa a pa gen anyen pou wè ak Bon Konprann lan.
24Plis gen moun ki gen konprann, se plis gen chans pou moun sou latè jwenn delivrans.
Yon wa ki gen konprann ap bay pèp la chans pou li viv byen san boulvès.
25Se poutèt sa, nou menm chèf yo, se pou nou aprann sa m'ap di nou la a.
N'a pwofite anpil sou travay nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.