Detewonòm 11 - 1998 Haitian Creole

Pouvwa Senyè a

1Se pou nou renmen Senyè a, Bondye kouvri yo, lè yo t'ap rapousib nou an. Senyè a te kraze yo nèt.

5Nou Sòm 78.14,15,24,27 konnen sa li te fè pou nou tout tan nou te nan dezè a jouk nou rive isit la.

6Chonje Nonb 16.1,31,32; Sòm 106.17 sa li te fè Datan ak Abiram, pitit Eliyab, moun fanmi Riben yo. Tè a te fann, li vale yo tou vivan ansanm ak tout fanmi yo, tout tant yo ak tout moun ki te avèk yo, devan je tout pèp Izrayèl la.

7Se nou menm ki te wè ak je nou tout gwo mèvèy sa yo Senyè a te fè.

Pwomès ak avètisman Senyè a

8Se Joz 1.6,7 pou nou mache dapre lòd m'ap ban nou jòdi a, pou nou ka vin fò, pou nou ka pran peyi nou pral anvayi a pou nou,

9pou Egz 3.8; Det 4.40 nou ka viv lontan nan peyi Senyè a te sèmante l'ap bay zansèt nou yo pou yo menm ak tout ras yo, nan peyi kote lèt ak siwomyèl tankou dlo.

10Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an pa yon peyi ki tankou peyi Lejip kote nou sòti a, yon peyi kote se nou menm ki te blije simen grenn nan jaden nou, lèfini pou nou te travay di pou nou wouze yo tankou yo wouze jaden legim.

11Non! Det 8.7 Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an, se yon peyi ki gen anpil mòn ak anpil fon, yon peyi lapli sòti nan syèl wouze tout tan.

12Se 1 Wa 9.3; Jer 24.6 yon peyi Senyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a.

13Nou Det 6.5 mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Senye a, Bondye nou an, si nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou,

14m'a Lev 26.4; Sòm 104.14; Jowèl 2.19,23 voye lapli sou tè nou lè n'a bezwen l, m'a bay lapli nan sezon plante ak nan sezon rekòt pou nou ka gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil.

15M'a fè anpil zèb pouse nan savann nou yo pou bèt nou manje. Konsa, n'a jwenn manje pou nou manje plen vant nou.

16Fè Det 6.14 atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n'al sèvi lòt bondye, pou n'al adore yo.

17Si Det 4.26; 6.15; 1 Wa 8.35; 2 Kwo 7.13 nou kite sa rive nou, Senyè a va fache anpil sou nou, li p'ap voye lapli. Si pa gen lapli, tè a p'ap bay sa pou l te bay la. Nou tout n'ap mouri byen vit nan bon peyi Senyè a ban nou an.

18Fè Det 6.6-9 pawòl m'ap di nou la a antre nan tèt nou pou nou pa janm bliye yo! Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou ka toujou chonje yo.

19N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt granchemen, kit nou nan kabann, kit nou nan travay.

20Ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo,

21pou Det 4.40; Sòm 89.29 nou ka viv lontan, nou menm ansanm ak tout ras nou nan peyi Senyè a te sèmante l'ap bay zansèt nou yo toutotan va gen yon syèl anwo tè a.

22Si nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman mwen ban nou lòd pou nou swiv yo, si nou renmen Senyè a, Bondye nou an, si nou mache sou chemen li mete devan nou an, si nou pa janm lage l,

23Senyè a Det 4.38; 9.1 va mete tout nasyon sa yo deyò devan nou pou nou ka pran plas yo. N'a pran pou nou peyi yon bann nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou.

24Tout Jen 15.18; Egz 23.31; Det 34.2; Joz 1.3 kote pye nou va pile, se pou nou la ye. N'a gen dezè a pou lizyè sou anba, peyi Liban an sou anwo. N'a gen gwo larivyè Lefrat la yon bò ak lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche.

25Pèsonn Egz 23.27; Det 2.25; 7.24 p'ap ka kanpe devan nou pou rete nou sou kous nou. Kote nou pase, Senyè a, Bondye nou an, pral fè moun peyi a pè nou, yo pral kouri pou nou jan li te pwomèt nou li a.

26Jòdi a, Det 30.1,19 mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi.

27Se Det 28.2-14 va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a.

28Men Det 28.15-45 se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Senyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n'al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.

29Lè Det 27.12,13; Joz 8.33 Senyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran an, n'a bay benediksyon sou mòn Garizim, n'a bay madichon sou mòn Ebal.

30Mòn sa yo lòt bò larivyè Jouden, nan direksyon solèy kouche, nan peyi moun Kanaran yo ki rete nan plenn Araba a, anfas Gilga, toupre pye chenn More a.

31Nou prèt pou nou janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n'al pran pou nou peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l.

32N'a fè atansyon pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen mete devan nou jòdi a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help