1Bondye
Jakòb te gen douz pitit gason.
23Men Jen 29.31—30.24; 35.17,18; Egz 1.2-4 non pitit Leya te fè pou li yo: Riben, premye pitit gason l lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
24Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen.
25Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali.
26Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè.
Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami.
Lanmò Izarak27Jakòb Jen 13.18; Joz 14.15 al wè papa l Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija-aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo.
28Izarak te gen sankatreven lanne sou tèt li
29lè Jen 25.9; 49.31 li mouri. Li te fin granmoun lè li mouri ale jwenn moun li yo. Ezayi ak Jakòb, pitit gason li yo, fè lantèman antere li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.