Jidit 7 - 1998 Haitian Creole

Olofèn sènen lavil Betoulya

1Nan denmen, Olofèn pase lòd pou tout lame li a ansanm ak tout lòt moun ki te vin mete tèt ansanm avè l yo, pou yo mache sou lavil Betoulya, pou yo pran pas ki nan mòn yo mete ganizon pa yo ladan yo, epi pou y'al atake moun pèp Izrayèl yo.

2Jou sa a vre, tout vanyan sòlda yo leve pati. Te gen sanswasanndimil (170.000) sòlda apye, douzmil (12.000) kavalye, san konte moun k'ap pote pwovizyon zam, ak lòt moun apye ki te avèk yo. Sa te fè yon gwo foul moun.

3Y'al moute kan yo nan fon ki toupre lavil Betoulya a, bò sous dlo a. Yo pran tout zòn lan an lajè depi lavil Dotan rive lavil Bèlbayim, an longè depi lavil Betoulya rive lavil Kiyamon ki anfas Fon Esdrelon an.

4Men, lè moun pèp Izrayèl yo wè tout gwo kantite moun sa yo, yo pèdi tèt yo, yonn t'ap di lòt:

— Atòkile, moun sa yo pral manje dènye sa yo jwenn sou latè. Gwo mòn yo, mete ak gwo fon yo ansanm ak platon yo, p'ap ka bay kont manje pou tout moun sa yo jwenn manje pou yo manje.

5Lè sa a, chak mesye yo pran zam yo nan men yo, yo limen dife sou tèt fò won yo, epi yo rete pase tout nwit lan la ap veye.

6Nan denmen ankò, Olofèn mennen tout kavalye l yo kote moun pèp Izrayèl ki rete Betoulya yo ka wè yo byen.

7Li gade wè kijan yo ta ka moute nan pas mòn yo al pran lavil la. Li vizite sous dlo yo, li pran yo, li fè ganizon moun pa l yo moute kan yo bò sous dlo yo. Lèfini, li tounen tounen l'al jwenn rès lame a.

8Tout chèf moun Ezayi yo ansanm ak tout chèf moun Moab yo ak kòmandan lame moun ki rete bò lanmè yo vin jwenn Olofèn, yo di l konsa:

9— Tanpri, mèt nou, koute sa n'ap di ou la a pou twòp moun pa mouri nan ran lame ou la.

10Moun pèp Izrayèl sa yo pa mete konfyans yo nan frenn pou pwoteje yo, men nan mòn wo kote yo rete a, paske se p'ap bagay fasil non pou moute jouk sou tèt mòn sa yo.

11Se pou sa, chèf nou, pa al atake moun sa yo jan yo konn fè sa ak sòlda byen ranje an fòmasyon pou goumen, konsa ou p'ap pèdi yon grenn moun nan tout lame ou la.

12Men sa pou ou fè. Rete nan kan ou lan, fè sòlda ou yo rete nan pozisyon yo. Annik mande moun pa ou yo pou yo bloke sous dlo ki nan pye mòn yo,

13paske se la pou moun lavil Betoulya yo vin pran dlo. Konsa, lè ya wè y'ap mouri swaf dlo, y'a renmèt lavil la nan men ou. Nou menm bò pa nou ansanm ak tout moun nou yo, n'ap moute sou tèt mòn yo bò lavil la, n'ap mete sòlda fè pòs veye pou yon sèl moun pa sòti nan lavil la.

14Lè sa a, grangou pral fini ak yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Konsa, anvan menm ou atake yo, yo pral tonbe mouri nan tout lari lavil la.

15Lè sa a atò, w'a pini yo byen pini jan yo merite l la, paske yo leve dèyè ou, yo pa vle vin soumèt tèt yo devan ou san fè lagè.

16Koze sa a te fè Olofèn ansanm ak tout chèf li yo plezi. Se konsa Olofèn bay lòd pou yo fè sa zanmi l yo te di a.

17Moun peyi Amon yo kite kote yo te moute kan yo a, yo pati ansanm ak senkmil (5.000) moun peyi Lasiri, y'al moute kan yo nan tifon an. Yo pran pozisyon bò larivyè yo ak bò sous dlo kote moun pèp Izrayèl yo te konn sèvi.

18Moun peyi Edon yo ak moun peyi Amon yo moute sou tèt mòn yo, yo tabli kan yo anfas lavil Dotan. Yo pran de twa nan yo, yo voye yo nan direksyon sidès bò lavil Egrebèl, toupre lavil Chous ki bò larivyè Mòkmou. Rès lame peyi Lasiri a moute kan yo nan plenn lan. Yo te pran tout peyi a pou yo, paske yo te gen anpil tant ak anpil ekipman pou gwo kantite moun ak sòlda yo te genyen ak yo a.

19Lè moun pèp Izrayèl yo wè jan lènmi te sènen yo toupatou, pa te gen mwayen pou pèsonn ta rive chape kò yo nan mitan lènmi yo, kè yo kase, yo pran lapriyè nan pye Granmèt la, Bondye yo a.

20Tout lame peyi Lasiri a, ki vle di sòlda apye yo, kavalye yo, cha lagè yo, te moute kan yo fè wonn lavil la, yo fèmen l pandan trannkat jou. Lè sa a, pa te rete yon ti degout dlo nan veso moun lavil Betoulya yo ankò.

21Tout rezèvwa dlo lavil yo te vid. Konsa, yo te blije kontwole dlo chak moun te ka jwenn.

22Timoun yo t'ap vin pi fèb chak jou. Toupatou nan lari lavil la medanm yo ak jennmoun yo t'ap tonbe feblès, yo t'ap mouri swaf dlo, yo pa te gen fòs ankò.

23Se konsa tout pèp lavil la nèt, fanm kou gason, jennmoun kou timoun, yo pran lari pou yo, yo leve dèyè Ozyas ak chèf lavil yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di devan tout chèf fanmi yo:

24— Se Bondye ki pral regle sa ou menm, Ozyas, ansanm ak chèf lavil yo, ap fè nou pase la a, paske nou te dwe al fè lapè ak moun peyi Lasiri yo.

25Kounyeya, pa gen pèsonn pou pote nou sekou. Se Bondye menm ki lage nou nan men moun sa yo kifè n'ap trennen atè devan yo ak yon swaf dlo k'ap touye nou.

26Atòkile, rele moun Lasiri yo, renmèt yo lavil la pou moun Olofèn yo ak tout lame li a ka fè piyay.

27Pito yo fè nou prizonye. N'a esklav yo, se vre. Men n'a gen lavi. Nou p'ap wè pitit pitit nou yo, madanm nou yo ak pitit nou yo mouri la devan je nou.

28Nou pran syèl la ak latè a sèvi nou temwen nan koze sa a nou fè ak chèf yo. Nou pran Bondye nou an tou pou l sèvi nou temwen, li menm Granmèt zansèt nou yo k'ap pini nou pou sa nou fè ki mal ak pou sa zansèt nou yo te fè ki mal. Nou gen espwa, n'ap lapriyè pou li pa kite sa nou sot mande a rive nou jòdi a.

29Tout moun pran kriye byen fò, yo t'ap lapriyè nan pye Granmèt la, Bondye yo a.

30Lè sa a, Ozyas di yo konsa:

— Kouray, frè m yo! Ann kenbe pandan senk jou ankò pou nou wè si Bondye p'ap gen pitye pou nou ankò, paske li pa janm lage nou nèt.

31Si senk jou sa yo pase san li pa vin ede nou, lè sa a m'a fè jan nou di l la.

32Apre pawòl sa yo, li voye pèp la ale, chak moun nan pòs yo. Mesye yo ale vre, y'al moute lagad sou miray ranpa yo ak nan fò won lavil yo. Men, yo voye madanm yo ak pitit yo tounen lakay yo. Tout moun nan lavil la te dekouraje anpil.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help