Ezayi 51 - 1998 Haitian Creole

Pawòl ankourajman pou Siyon

1Men sa Senyè a di:

— Nou tout ki dèyè delivrans lan,

nou tout k'ap chache Senyè a,

chonje rasin kote nou soti,

chonje ki pyebwa nou ye!

2Chonje

10Se Egz 14.21 ou menm ki te cheche dlo lanmè a.

Se ou menm ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a

pou moun ou t'ap delivre yo te ka pase.

11Moun Senyè a delivre yo ap tounen lakay yo.

Y'ap rive sou mòn Siyon an ak chante nan bouch yo,

ak kontantman sou figi yo.

Y'ap gen yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini.

P'ap gen lapenn ankò, p'ap gen plenyen ankò.

Se va fèt, se va kè kontan pou tout tan.

12Senyè a Sòm 118.6; Eza 40.1,6; 66.13 di:

— Se mwen menm k'ap ban nou kouray.

Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri,

moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?

13Gen lè ou bliye Senyè ki te fè ou la,

li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a?

Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa

devan kòlè moun k'ap peze ou yo,

moun k'ap chache detwi ou yo?

Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?

14Talè Eza 45.13 konsa, yo pral lage moun ki nan prizon yo.

Yo p'ap mouri nan kacho.

Y'a toujou jwenn dekwa pou yo manje.

15Se Jer 31.35 mwen menm, Senyè a, ki Bondye ou la.

Mwen souke dlo lanmè a, mwen fè lanm lanmè yo gwonde.

Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele m!

16Mwen konfye Eza 49.2; 59.21 ou pawòl mwen,

W'ap jwenn pwoteksyon anba zèl mwen,

M'ap fè yon syèl nouvo,

m'ap fè yon tè tou nèf.

M'ap di Siyon: Ou se pèp mwen.

Soufrans lavil Jerizalèm fini

17Leve Eza 52.1; Jer 25.15; Zak 12.2; Mat 20.22; Mak 14.36 non, lavil Jerizalèm! Leve non!

Souke kò ou. Leve non!

Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a.

Ou bwè dènye degout ki te nan gode a

jouk li fè tèt ou vire!

18Nanpwen Sòm 74.9 yonn nan tout pitit li fè yo

ki la pou moutre l chemen pou l pran.

Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo

ki la pou ba l men.

19De malè tonbe sou ou yonn dèyè lòt.

Ki moun ki ka plenn sò ou?

Yo ravaje peyi a, yo fini avè li.

Grangou ak lagè fin detwi moun yo.

Ki moun ki ka konsole ou?

20Nan Lam 2.11,12 tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans.

Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen.

Kòlè Senyè a fè yo sou.

Bondye pa nan pale mete la.

21Se Eza 54.11 poutèt sa, nou menm, moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans,

koute pawòl sa yo byen,

Koute yo, nou menm ki sou tankou si nou te bwè.

22Senyè a, Jer 50.34 Bondye nou an, pale.

Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di:

— Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an.

Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.

23M'pral Eza 47.6; 52.2; Jer 25.17,26,28 mete gode a nan men moun ki t'ap maltrete nou yo,

moun ki t'ap di nou yo:

Plat atè non pou nou pase.

Lè sa a, se do ou ki te sèvi chemen. Se do ou ki te sèvi lari.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help